Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Poze baz pou yon nouvèl vizit
Rezon ki fè sa enpòtan: Lè n jwenn yon moun ki montre l enterese nan mesaj nou an, nou vle retounen vizite l lè l lakay li yon fason pou n wouze semans verite nou te plante a (1 Kor. 3:6). Byen souvan, sa mande pou n poze baz pou nouvèl vizit la anvan n kite moun nan apre n fin konnen ki lè n ka tounen. Anplis de sa, li bon pou n soulve yon kesyon n ap kapab pale sou li nan pwochen vizit la. Sa ap fè mèt kay la anvi n retounen vizite l, epi si yo reponn kesyon n poze a nan piblikasyon nou kite pou li a, l ap vin pi anvi li piblikasyon an. Mete sou sa, lè n poze baz pou yon lòt konvèsasyon, sa fè l vin pi fasil pou n retounen paske n gentan chwazi sijè nou pral pale sou li a epi mèt kay la ap gentan konnen sou ki sa n pral pale. Lè n wè l ankò, nou kapab di l nou retounen vin reponn kesyon nou te poze dènye fwa a, epi, apre sa, nou ka kòmanse pale.
Eseye sa a pandan mwa a:
Lè w ap prepare sijè w pral prezante a, tou prepare yon kesyon pou w vin reponn yon lòt fwa. Fè lòt pwoklamatè w ap preche avèk yo a konn kesyon an.