Pran pwofèt yo kòm egzanp: Nawoum
1. Ki sa n aprann nan liv Nawoum nan?
1 Debri ansyen vil Niniv la ban nou prèv, jan Nawoum te pwofetize sa a, Jewova toujou fè vanjans sou ènmi L yo epi, menm pèp ki pi fewòs la pa ka kanpe devan L (Naw. 1:2, 6). Lè n byen egzamine pwofesi Nawoum nan, n ap jwenn anpil leson pou ministè a.
2. Ki jan n ka pèmèt mesaj nou an toujou rete pozitif?
2 Bay moun yo rekonfò ak espwa: Lè yon moun fèk gade, sanble liv Nawoum nan se sèlman yon liv kote yo pwononse yon jijman kondanasyon sou vil Niniv la ki te kapital Asiri tan lontan an, yon kapital kote moun yo te fyè de tèt yo (Naw. 1:1; 3:7). Sepandan, deklarasyon sa a te vin tounen yon bon nouvèl pou pèp Jewova a. Nawoum, ki gen non l ki vle di “Moun k ap rekonfòte”, te bay Juif parèy li yo asirans ènmi yo a t apral disparèt talè konsa! Anplis de sa, Nawoum te fè konnen Jewova “se yon fòtrès nan jou detrès”. (Naw. 1:7.) Toutpandan n ap preche, nou menm tou n ap pataje yon seri bon nouvèl ak lòt moun yo epi n ap ankouraje yo pou yo chèche pran refij nan Jewova. — Naw. 1:15.
3. Ki jan n ka imite Nawoum lè n ap sèvi ak egzanp?
3 Sèvi ak egzanp: Jewova te enspire Nawoum pou l te konpare destriksyon vil Niniv la ak destriksyon vil ejipsyen ki te rele Tèb la (No-amon), yon vil Asiryen yo te detwi anvan sa (Naw. 3:8-10). Lè n ap pale ak moun yo konsènan destriksyon sistèm mechan sa a, nou kapab atire atansyon yo sou pwofesi biblik yo ki bay prèv Jewova toujou akonpli pawòl li nan tout ti detay. Pa egzanp, lè Babilonyen yo ak Mèd yo te anvayi vil Niniv nan ane 632 anvan epòk nou an, gen plizyè gwo lapli ki te tonbe e ki te vin lakòz rivyè Tig la debòde, konsa, gen yon pati nan miray vil la, yon miray kote pyès moun pa t ka pase, ki te tonbe. Annapre, jan Jewova te predi sa a, yo te pran Niniv byen vit. — Naw. 1:8; 2:6.
4. Ki jan n ka rive di pawòl ki klè e ki fasil pou moun konprann lè n nan ministè a?
4 Pawòl ou yo dwe klè e fasil pou konprann: Liv Nawoum nan ekri nan yon stil kote y ap dekri yon bagay. Ide yo parèt byen klè (Naw. 1:14; 3:1). Menm jan an tou, nou vle itilize yon seri mo ki fasil pou moun konprann (1 Kor. 14:9). Premye fwa w rankontre yon moun, esplike l rezon ki fè w vin vizite l la byen klè. Toutpandan w ap etidye Labib ak moun yo, ede yo pou yo vin gen lafwa nan Jewova ansanm ak Pawòl li a, epi ede yo pou yo wè ki fason sa y ap aprann nan konsène yo pèsonèlman. — Wom. 10:14.
5. Ki asirans nou jwenn nan pwofesi Nawoum nan?
5 Konfyans Nawoum te genyen nan fason pawòl Jewova a t apral akonpli san mank lan parèt byen klè nan liv ki pote non l lan. Toutpandan fen sistèm Satan an ap pwoche, nou jwenn rekonfò nan deklarasyon sa a Bondye fè a ki di: “Pap gen detrès yon dezyèm fwa.” — Naw. 1:9.