BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/14 p. 7
  • Nou pral gen nouvo kantik pou nou louwe Jewova!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou pral gen nouvo kantik pou nou louwe Jewova!
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Ann chante ak kè kontan pou n louwe Jewova
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Èske w pare pou w chante pou Jewova nan reyinyon nou yo?
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Ann chante pou Jewova!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Kèk konsèy sou fason pou n etidye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 12/14 p. 7

Nou pral gen nouvo kantik pou nou louwe Jewova!

1 Nan dènye reyinyon ànyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania te òganize jou ki te 4 oktòb 2014 la, yo te anonse yo pran dispozisyon pou yo revize liv kantik nou an. Se te vrèman yon bon nouvèl! Yo te fè tout moun nan asistans lan sonje jan kantik Wayòm yo dwe gen yon plas enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova. — Sòm 96:2.

2 Ou ka ap mande tèt ou ‘poukisa li nesesè pou n revize liv kantik la?’ Gen plizyè rezon ki fè sa. Toudabò, konpreyansyon nou gen sou Bib la kontinye ap rafine, e sa afekte pawòl ki nan kantik nou yo (Pwo. 4:18). Yon lòt rezon ki fè sa sèke gen anpil mo ak anpil ekspresyon yo itilize nan liv kantik nou gen kounye a ki soti nan ansyen vèsyon Tradiksyon monn nouvo a. Kounye a, yo dwe chanje pawòl sa yo pou yo ka koresponn ak pawòl ki nan edisyon revize a. Piske yo dwe fè anpil travay senpleman pou yo mete pawòl yo ajou, pou rezon sa a yo te deside ajoute kèk nouvo kantik nan liv kantik la.

3 Èske nou dwe tann jiskaske yo enprime nouvo liv kantik la anvan nou kòmanse itilize nouvo kantik yo? Non. Nou kontan enfòme nou nan mwa k ap vini yo gen plizyè nouvo kantik k ap disponib sou sit wèb jw.org la. Lè yon nouvo kantik disponib, y ap mete l nan fen pwogram yon reyinyon sèvis e y ap make “nouvo kantik” bò kote l.

4 Fason pou n aprann nouvo kantik yo: Sa ka reprezante yon defi pou n aprann yon nouvo kantik. Sepandan, menm jan ak salmis la, nou vle chante byen fò nan reyinyon kongregasyon an, nou pa vle “fè silans”. (Sòm 30:12.) Pou n aprann yon nouvo kantik, suiv etap ki vin apre yo ki tou senp.

  • Koute anrejistreman pyano a plizyè fwa, l ap disponib sou sit wèb nou an. Plis ou koute melodi a se plis l ap fasil pou w sonje l.

  • Etidye pawòl yo epi eseye memorize yo.

  • Chante kantik la pandan w ap koute melodi a. Fè sa jiskaske w byen konn kantik la.

  • Repete nouvo kantik yo pandan yon ti tan nan yon pati nan adorasyon an fanmi an jiskaske moun nan fanmi an alèz pou yo chante l.

5 Nan mwa k ap vini yo, lè se yon nouvo kantik yo pwograme pou nou chante nan fen yon reyinyon sèvis, kongregasyon an ap koute anrejistreman pyano a anvan. Apre sa, moun yo ap chante kantik la ansanm ak anrejistreman an jan nou abitye fè sa pou lòt kantik yo.

6 Lè nou reflechi sou sa nou sot di a, lè nou chante nan reyinyon yo sa pèmèt nou ini vwa nou ansanm pou nou louwe Jewova. Se sa k fè, nou pa dwe pran abitid kite plas nou san nesesite lè yo anonse yo pral chante yon kantik nan reyinyon yo.

7 Gen yon lòt fason nou ka montre bonjan apresyasyon pou mizik nou yo ki sakre. Nan kongrè yo, yo pase yon pwogram mizikal anvan chak sesyon kòmanse. De fwa nan ane a, gen frè ak sè ki soti nan kat kwen sou latè ki peye vwayaj la ak kòb pa yo pou yo vin Patèsonn, nan Nouyòk, pou yo ka fè bèl mizik pou n itilize nan adorasyon nou. Konsa, lè prezidan an envite nou chita pou n koute mizik òkès la te prepare yo, nou dwe fè sa. Lè nou aji konsa n ap prepare kè nou pou n suiv enfòmasyon nou pral resevwa yo. — Ezra 7:10.

8 Jodi a, pou fini reyinyon an, nou pral chante yon nouvo kantik ki gen tit: “Wayòm nan deja tabli — Fò’l vini!” Se yon kantik yo te chante nan dènye reyinyon ànyèl la e yo te konpoze l pou selebre 100yèm anivèsè nesans Wayòm nan.

9 Se sèten, nouvo kantik yo se “bon bagay” Jewova ban nou (Mat. 12:35a). Kidonk, annou pran detèminasyon pou n aprann nouvo kantik yo e pou n chante yo ak tout kè nou, konsa, n ap bay Bondye nou an louwanj ak onè li merite! — Sòm 147:1.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje