BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 desanm p. 5
  • Ann chante ak kè kontan pou n louwe Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann chante ak kè kontan pou n louwe Jewova
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Kantik Wayòm yo fè nou gen kouraj
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Nou pral gen nouvo kantik pou nou louwe Jewova!
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Kèk konsèy sou fason pou n etidye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ann chante ak kè kontan!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 desanm p. 5
Fè zanmi ak Jewova Kantik 84: Travay plis

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ann chante ak kè kontan pou n louwe Jewova

Pandan Pòl ak Silas te nan prizon, yo te chante pou yo louwe Jewova (Tr 16:25). Se sèten sa te ba yo fòs pou yo andire. Èske sa kapab ede nou tou jodi a? Kantik nou chante pou n adore Jewova yo ak lòt chante nou genyen yo kapab ankouraje nou epi ede nou rete fidèl lè n nan eprèv. Sa k pi enpòtan toujou, yo fè louwanj pou Jewova (Sm 28:7). Yo te ankouraje n pou n aprann omwen kèk nan chante yo pa kè. Èske n te eseye fè sa? Nou kapab pwofite moman n ap fè adorasyon an fanmi an pou n aprann chante yo e pou n aprann pawòl ki ladan yo.

GADE VIDEYO TIMOUN YO CHANTE POU YO LOUWE JEWOVA A, APRE SA REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • De tifi k ap chante nan yon stidyo anrejistreman

    Lè n chante kantik Wayòm yo, ki bon efè sa kapab gen sou nou?

  • Yon sè k ap prepare pou koral timoun yo

    Ki preparasyon Sèvis odyo/videyo fè anvan yo anrejistre yon chante?

  • Yon fanmi k ap chante nan adorasyon an fanmi

    Ki preparasyon paran yo ak pitit yo fè anvan anrejistreman an?

  • Timoun k ap chante nan yon koral

    Kiyès nan kantik yo ou pi renmen, e poukisa?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje