BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/15 p. 2-3
  • Ede moun ki avèg yo aprann konnen Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede moun ki avèg yo aprann konnen Jewova
  • Ministè Wayòm nan — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Fason pou n bay moun ki avèg yo temwayaj
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Farizyen yo refize kwè
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Farizyen yo bay mesye ki te avèg la pwoblèm
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi geri yon mesye ki fèt tou avèg
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2015
km 5/15 p. 2-3

Ede moun ki avèg yo aprann konnen Jewova

1. Ki fason Jezi te demontre konpasyon pou moun ki avèg yo?

1 Jezi te ret kèk jou sèlman anvan l mouri. Pandan li t ap kite vil Jeriko a, gen de mandyan ki avèg ki te rele l byen fò, yo di l: “Seyè [...] gen pitye pou nou!” Byenke Jezi te konnen eprèv li t apral rankontre yo te difisil anpil, Jezi te kanpe, li rele mesye yo vin kote l, epi li geri yo (Mat. 20:29-34). Ki fason nou ka imite konpasyon Jezi te demontre pou moun ki avèg yo?

2. Ki sa nou ka fè pou n bay yon moun ki avèg nou rankontre nan yon andwa piblik temwayaj?

2 Se pou n ede yo: Si w rankontre yon moun ki avèg, petèt nan yon andwa piblik, fè konesans avè l epi ofri l èd ou. Etandone yo souvan eksplwate moun sa yo, okòmansman, moun ki avèg la ka yon ti jan pè. Sepandan, si w vrèman amikal e ou montre w enterese toutbon nan li sa ka fè l santi l alèz. Mete sou sa, sonje tout moun pa avèg nan menm degre, donk, sa ka ede nou detèmine ki kantite èd nou bezwen ba li. Apre w fin ede l, ou ka fè l konnen w ap patisipe nan yon travay ansèyman biblik. Pwopoze l pou w li yon vèsè nan Bib la pou li tankou Sòm 146:8 oubyen Izayi 35:5, 6. Si l konn li bray, mande l si l ta renmen gen yon piblikasyon an bray k ap ede l konn plis bagay sou Bib la. Anplis de sa, ou ka ede l jwenn fichye odyo piblikasyon yo sou sit Entènèt jw.org la. Si òdinatè moun ki avèg la gen yon pwogram ki li tèks ki sou ekran an, avèg la ka menm kontan gen atik ki enprime yo ak piblikasyon yo ka telechaje sou fòma RTF (Rich Text Format) ki sou sit Entènèt jw.org la. — Gade kare ki gen tit “Lè w ap ede yon moun ki avèg...”

3. Ki fason nou ka chèche moun ki avèg ki nan tèritwa nou?

3 Chèche moun ki avèg yo: Li ra pou n rankontre moun ki avèg lè n ap preche kay an kay paske gen anpil nan yo ki pa santi yo alèz pou yo pale ak moun yo pa konnen ki vin lakay yo. Kidonk, sa mande anpil efò pou n “chèche” moun sa yo pou n ka ba yo temwayaj (Mat. 10:11). Èske w gen yon kolèg travay oubyen yon kamarad lekòl ki avèg? Pran inisyativ pou w pale avè l. Si gen yon lekòl pou moun ki avèg nan tèritwa w, ofri moun yo kèk piblikasyon an bray pou yo mete nan bibliyotèk lekòl la. Èske w konnen yon moun ki gen yon manm fanmi l ki avèg? Èske gen òganizasyon k ap ede moun ki avèg nan tèritwa w? Oubyen èske gen mezon kote se moun ki avèg sèlman ki rete ladan yo e yo gen moun k ap pran swen yo? Esplike manm fanmi moun sa yo, oubyen resepsyonis la oubyen direktè a, Temwen Jewova yo ta renmen pote piblikasyon an bray oubyen piblikasyon ki sou fòma odyo pou moun ki avèg yo pou yo ka ede yo. Montre moun nan pwomès Bondye fè nan Bib la ki fè konnen, talè konsa, Bondye pral fè moun ki avèg yo vin wè e moun pap janm avèg ankò. Mete sou sa, ou ka montre l videyo ki gen tit “Sans elle, je serais perdu” ki sou sit Entènèt jw.org/fr la. Videyo sa a rakonte eksperyans yon mesye ki avèg te fè lè l te vin gen yon Bib an bray. Lè w esplike objektif vizit ou a genyen, sa ka ba w posiblite pou w pran kontak ak moun ki avèg yo.

4. Ki leson nou aprann nan eksperyans Janet te fè a?

4 Gen yon sè ki avèg ki rele Janet ki t al vizite yon mezon ki gen moun avèg abite ladan l. Li te kòmanse yon konvèsasyon ak yon jèn dam. Janet te di l: “Jezi te geri moun ki avèg pou l montre sa l pral fè pou tout moun ki avèg.” Yo te egzamine Revelasyon 21:3, 4, epi Janet te esplike l fason Wayòm Bondye a pral reyalize pwomès sa a. Dam nan te ret an silans, apre sa, li di: “M pa t janm tande yon moun avèg di pawòl sa yo. Pifò moun ki ka wè yo panse moun vin avèg akoz yon bagay yo menm oswa zansèt yo te fè.” Janet te voye yon imel pou dam nan ki gen yon lyen kote li ka telechaje liv Sa Labib anseye a, e kounye a y ap etidye Labib ansanm de fwa pa semèn.

5. Byenke nou pa ka geri moun ki avèg yo jan Jezi te konn fè sa, ki benediksyon n ap jwenn si nou montre nou enterese nan yo?

5 Se vre, nou pa ka geri moun ki avèg yo jan Jezi te konn fè sa, men nou ka ede moun dye sistèm sa a avegle lespri yo pou yo ka konprann verite ki nan Pawòl Bondye a, e pami moun sa yo gen moun ki avèg toutbon (2 Kor. 4:4). Jezi te geri de mesye li te rankontre toupre vil Jeriko a paske l te “pran pitye pou yo”. (Mat. 20:34.) Si nou montre nou enterese nan moun ki avèg yo menm jan an, n ap gen privilèj ede kèk nan yo aprann konnen Jewova, Bondye ki pral mete fen nan kesyon moun avèg la pou toutan.

Lè w ap ede yon moun ki avèg...

  • Pale avè l dirèkteman, men pa pale fò. Moun ki avèg yo pa ka wè, men, an jeneral, yo tande byen.

  • Koube bra w, epi kite l kenbe w jis anvan koud ponyèt ou si w ap gide l. L ap ka suiv ou toutpandan w ap mache nan yon distans yon demi pa devan l. Lè w wè yon koub, yon poto, yon mach oubyen yon lòt obstak, li enpòtan pou w fè l konn sa.

  • Santi w alèz pou w itilize mo ki gen rapò ak vizyon tankou “wè” epi “gade”. Moun ki avèg yo konn sèvi ak mo sa yo tou. Yo ka “wè” grasa lòt sans yo genyen, yo ka menm kreye yon imaj mantal sou bagay n ap dekri pou yo a.

  • Pale avèk yo yon kote ki trankil. Byen souvan, moun ki avèg yo pa santi yo alèz kote ki gen gwo bri paske li difisil pou yo konnen sa k ap pase bò kote yo.

  • Fè moun nan konnen lè w prale. Sa ap fè li pa tonbe nan yon sitiyasyon anbarasan kote l ap pale ak yon moun ki pa la ankò.

  • Ranpli fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) a, epi bay sekretè a li si moun ki avèg la enterese men li pa abite nan tèritwa w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje