Rete konsantre nan travay fè disip la
1. Ki sa ki nesesè pou moun yo ka sove?
1 Rapò pou ane sèvis 2014 la montre zèl ak detèminasyon pèp Bondye a genyen pou l preche bon nouvèl Wayòm nan (Mat. 24:14). Grasa travay predikasyon kay an kay, kanpay espesyal pou nou distribye feyè ak fich envitasyon e grasa metòd nou genyen pou nou bay temwayaj an piblik la, kounye a, nou rive touche plis moun ak mesaj ki nan Bib la pase anvan. Sepandan, pou moun yo sove, nou dwe ede yo vin disip Jezi lè nou etidye Labib avèk yo. — 1 Tim. 2:4.
2. Ki kesyon si nou poze tèt nou k ap ede nou toujou pare pou n ofri etid biblik?
2 Toujou pare pou w ofri etid biblik: Lè yon moun montre li enterese, èske w fè tout sa w kapab pou w jwenn enfòmasyon sou li pou w ka kontakte l epi apre sa, pou w tounen vizite l byen vit pou w kòmanse yon etid biblik avè l? Ki dènye fwa ou te fè efò pou w montre yon moun fason nou fè yon etid biblik depi premye fwa ou te rankontre l la? Ki dènye fwa ou te ofri moun ou gen wout peryodik ak yo yon etid biblik? Èske w te montre kòlèg travay ou, kamarad lekòl ou, vwazinaj ou, fanmi w ak lòt moun ou konnen videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? ak videyo Ki jan yo fè yon etid biblik? Lè w ap sèvi ak yon charyo pou w ekspoze piblikasyon yo, èske w fè efò pou w di moun ki pran youn nan piblikasyon nou itilize pou n fè etid yo li ka gen yon etid biblik gratis?
3. Ki sa sa mande pou nou rive byen anseye moun yo laverite?
3 Nou jwenn èd nan men Jewova ak Jezi: Lefètke Jezi te kòmanse kòmandman li te bay pou n “fè disip” la ak mo “ale”, sa montre nou dwe fè efò e nou dwe pran inisyativ. Sepandan, li pap lage nou pou kont nou, li pwomèt l ap avèk nou (Mat. 28:19, 20). Mete sou sa, Jewova ban nou lespri sen, li ban nou zouti ak fòmasyon nou bezwen pou nou anseye lòt moun laverite (Zek. 4:6; 2 Kor. 4:7). Nou ka priye Jewova pou l ‘ban nou volonte ak fòs’ pou nou patisipe nan travay enpòtan sa a. — Fil. 2:13.
4. Poukisa nou dwe rete konsantre nan travay fè disip la?
4 Lè nou preche moun yo bon nouvèl la sa fè nou kontan anpil. Sepandan, lè nou anseye yon moun laverite e nou ede l pou l vin jwenn nou sou “wout ki mennen nan lavi a”, sa bay plis lajwa toujou (Mat. 7:14; 1 Tes. 2:19, 20). Sa k pi enpòtan, sèke, lè nou rete konsantre nan travay fè disip la nou fè Jewova plezi, li menm ki “pa ta renmen pèsonn moun detwi, men ki ta renmen pou tout moun rive repanti”. — 2 Pyè 3:9.