Se pou nou konsyan se yon nesesite pou nou kòmanse etid biblik
1. Pou nou akonpli misyon Jezi te bay nan Matye 28:19, 20 an, ki sa sa mande?
1 Jezi te ban nou misyon pou nou “fè disip” e pou nou “anseye yo”. (Mat. 28:19, 20.) Se pou rezon sa a, nou dwe konsyan se yon nesesite pou nou kòmanse etid biblik nan tout okazyon, se pa jou yo prevwa pou nou ofri etid biblik la sèlman nou dwe fè sa. Konsèy ki vin apre yo ka ede nou.
2. Ki moun nou ka ofri yon etid biblik?
2 Ofri moun yo etid biblik: Tank nou ofri moun yo etid biblik, se tank n ap gen posiblite pou nou jwenn etid (Ekl. 11:6). Èske w deja eseye metòd dirèk la? Gen yon kongregasyon Etazini ki te fè sa. Pandan tout yon mwa yo te konsantre tout efò yo pou yo ofri moun yo etid biblik. Se pa ti kontan moun nan kongregasyon an te kontan paske yo te kòmanse 42 nouvo etid biblik. Nou pa dwe panse moun n al vizite ki enterese yo konnen nou dispoze etidye Bib la avèk yo. Se sa k fè, pwochèn fwa nou retounen vizite yo, poukisa nou pa ofri yo yon etid biblik? Si yo pa aksepte etid biblik nou ofri yo a, se pa yon pwoblèm. Nou ka kontinye kiltive enterè yo demontre a. Èske w deja mande vwazen w, fanmi w, kòlèg travay ou ak kamarad lekòl ou si yo ta renmen pou w etidye Bib la ansanm avè yo? Nou ka mande etidyan nou yo tou si yo pa gen zanmi oubyen fanmi ki ta enterese nan yon etid biblik.
3. Ki zouti nou genyen ki ka ede nou kòmanse etid biblik ak moun yo, e ki lè nou ka sèvi avè l?
3 Yon zouti ki ka ede nou: Feyè Èske w ta renmen konn Verite a? se yon zouti ki ka ede nou kòmanse etid biblik ak moun yo. Nou ka kite feyè sa a ak moun nou rankontre yo, kit yo aksepte lòt piblikasyon kit yo pa aksepte. Nou ka sèvi avè l lè n ap preche nan tèritwa ki gen anpil biznis, lè n ap fè difizyon nan lari, lè n ap bay temwayaj nan lèt n ap voye bay moun yo ak lè n ap fè nouvèl vizit. Anplis de sa, nou ka kite feyè a anba pòt kay kote nou pa jwenn moun. Poukisa w pa mache avè l lè w pral pran transpò piblik, lè w pral nan mache? E poukisa w pa sèvi avè l nan travay ou? Nan denye paj feyè a yo bay yon esplikasyon tou kout sou dispozisyon nou pran pou nou fè etid biblik ak moun yo e yo prezante liv Sa Labib anseye a.
4. Kòman nou ka sèvi ak feyè Konn Verite a pou nou kòmanse yon etid biblik?
4 Apre nou fin bay moun nan feyè a, nou ka atire atansyon l sou kesyon ki nan premye paj la epi nou ka mande l: “Kiyès nan kesyon sa yo ki pi enterese w?” Apre moun nan fin chwazi kesyon ki enterese l la, egzamine repons feyè a bay pou kesyon an ansanm avè l, epi li enfòmasyon ki nan dènye paj feyè a pou li, oubyen esplike l li ak pwòp mo pa w. Se nan paj sa a yo esplike dispozisyon nou pran pou nou fè etid biblik ak moun yo. Apre sa, nou ka montre moun nan kote li ka jwenn plis enfòmasyon sou sijè ki enterese l la nan liv Sa Labib anseye a, ofri moun nan liv la, epi pran randevou ak li pou nou retounen vizite l pou nou ka kontinye konvèsasyon an ak li.
5. Poukisa nou dwe konsyan se yon nesesite pou nou kòmanse etid biblik?
5 Toujou gen moun nan tèritwa nou ki anvi aprann sa Bib la anseye toutbonvre. Lè nou konsyan se yon nesesite pou nou kòmanse etid biblik ak yo, n ap ogmante posiblite pou nou gen lajwa dèske nou ede lòt moun vin jwenn wout ki mennen nan lavi a. —Mat. 7:13, 14.