Byen sèvi ak divès pati ki nan liv Sa Labib anseye a
Toutpandan yon etidyan Labib ap aprann sa Labib anseye toutbonvre e l ap aplike sa l aprann yo, l ap pwogrese e l ap pote fwi nan domèn espirityèl (Sòm 1:1-3). Nou ka ede etidyan an fè pwogrè si nou byen sèvi ak kèk pati byen itil ki nan liv Sa Labib anseye a.
Kesyon ki nan kòmansman chapit yo: Chak chapit kòmanse ak yon seri kesyon yo reponn nan leson an. Pou n ka fè etidyan an anvi suiv leson nou pral egzamine a, nou ka poze l kesyon sa yo san nou pa atann pou l bay repons. Oswa nou ka mande l fè kòmantè tou kout sou chak kesyon. Si l bay yon move repons, nou pa bezwen korije l nan etap sa a. Kòmantè l fè yo ap ede n wè ki pwen ki mande plis atansyon, e y ap ede n wè sou ki pwen nou bezwen mete aksan. — Pwo. 16:23; 18:13.
Apendis: Si etidyan an konprann enfòmasyon ki nan leson an epi l dakò ak yo, nou ka annik ankouraje l pou l egzamine apendis ki mache ak leson an poukont li. Nan pwochen etid la, nou ka pran kèk minit pou n pale sou apendis la avè l pou n ka sèten li byen konprann li. Sepandan, si nou remake l ap bon pou nou egzamine apendis la ak etidyan an, nou dwe pran tan pandan etid la pou n fè sa. Nou ka egzamine tout apendis la oubyen yon pati ladan l. Pou nou fè sa, li paragraf yo epi poze l kèk kesyon nou te prepare alavans sou paragraf yo.
Kare revizyon: Nan kare revizyon ki nan fen chak chapit gen enfòmasyon ki reponn kesyon yo poze nan kòmansman chapit la. Nou ka sèvi ak pati sa a pou n asire n etidyan an konprann pwen prensipal yo e li ka esplike yo. Li chak fraz awotvwa epi li tout vèsè yo bay kòm referans yo avè l. Apre sa, mande etidyan an pou l sèvi ak vèsè a (oubyen ak vèsè yo) pou l esplike pou ki rezon enfòmasyon sa yo se verite. — Tra. 17:2, 3.