Imite gran Anseyan an lè w ap sèvi ak liv Sa Labib anseye a
1. Ki jan Jezi te konn anseye ?
1 Gran Anseyan an, Jezi, te toujou bay esplikasyon ki senp e ki klè. Pou l te kapab pouse moun ki t ap koute l yo reflechi, pafwa li te konn mande yo pwennvi yo dabò (Mat. 17:24-27). Li te konn atire atansyon sou Pawòl Bondye a (Mat. 26:31 ; Mak 7:6). Li te veye pou l pa t anvayi disip li yo ak twòp enfòmasyon yon sèl kou paske li te konnen yo t ap gen pou yo kontinye aprann (Jan 16:12). Jezi te enterese konnen tou si disip li yo te kwè e si yo te konprann sa li te anseye yo (Mat. 13:51). Liv Sa Labib anseye a fèt yon fason pou li ede nou anseye menm jan an tou.
2. Ki jan w kapab itilize kesyon ki nan kòmansman chapit yo ?
2 Kesyon ki nan kòmansman chapit yo : Lè w ap kòmanse yon chapit, l ap bon pou w atire atansyon sou kesyon ki anba tit la nan kòmansman chapit la. Soulve kesyon yo yon fason pou pouse moun nan reflechi, yon fason pou eveye enterè l. Oubyen, ou kapab envite l fè kòmantè tou kout sou kesyon yo. Li pa nesesè pou w fè yon bann pale sou kòmantè li fè yo oswa pou w korije sa li di ki pa egzak. Ou kapab tou senpleman remèsye l pou opinyon l, epi kòmanse egzamine sijè a. Kòmantè li fè sou kesyon ki nan kòmansman paragraf la ap ede w konnen sou ki pati nan leson an w ap bezwen mete plis aksan.
3. Ki jan nou kapab toujou fè etid la yon fason ki senp ?
3 Ekriti yo : Etid la ta dwe santre sou Ekriti yo (Ebre 4:12). Sepandan, li pa nesesè pou w li tout vèsè ki site yo. Atire atansyon sou vèsè ki montre fondman biblik kwayans nou yo. Ou pa bezwen li vèsè ki bay enfòmasyon siplemantè. Liv Sa Labib anseye a prezante laverite yon fason ki pa konplike. Toujou fè etid la yon fason ki senp. Konsantre sou pwen prensipal yo epi evite tandans pou w pale twòp sou detay oswa pou w entwodui san nesesite lòt enfòmasyon ki pa nan etid la.
4. Ki sa k ap detèmine si nou ta dwe pran tan pou nou egzamine enfòmasyon ki nan apendis la nan etid la ?
4 Apendis : Nan apendis la gen 14 sijè ki konplete enfòmasyon ki nan chapit yo. Li pa obligatwa pou w egzamine sijè sa yo nan etid la. Pou kèk sijè, ou kapab mande etidyan an pou l li enfòmasyon siplemantè yo poukont li, sitou si li konprann e li aksepte enfòmasyon ki nan chapit yo. Pa egzanp, si etidyan an deja kwè Jezi se Mesi a, lè w rive nan chapit 4 la ki gen kòm tit : “ Kiyès Jezi Kris ye ? ”, ou ka pa oblije egzamine avè l pòsyon nan apendis la ki gen kòm tit : “ Jezi Kris : Mesi yo te pwomèt la. ” Nan lòt sikonstans, li kapab bon pou w pran tan pou w egzamine enfòmasyon ki nan apendis la oswa pou w egzamine yon pòsyon ladan l.
5. Si nou deside egzamine enfòmasyon ki nan apendis la, ki jan nou kapab fè sa ?
5 Si w deside egzamine enfòmasyon ki nan apendis la, ou kapab prepare kesyon alavans epi egzamine paragraf yo avèk etidyan an menm jan ou egzamine chapit yo. Selon bezwen etidyan an, ou kapab deside pran kèk minit pandan etid la pou w fè revizyon sou enfòmasyon an avè l. Sa ap pèmèt ou wè si li konprann enfòmasyon li te li poukont li a.
6. Ki jan nou kapab sèvi ak kare revizyon ki nan fen chapit yo ?
6 Kare revizyon yo : An jeneral, kare ki nan fen chapit yo bay enfòmasyon ki reponn kesyon ki poze nan kòmansman chapit yo. Ou kapab sèvi ak enfòmasyon sa yo pou w fè revizyon sou pwen prensipal ki nan chapit la. Gen kèk pwoklamatè ki twouve li bon pou yo li chak enfòmasyon ki nan kare yo e petèt pou yo li vèsè yo tou avèk etidyan an. Apre sa, yo mande etidyan an pou l bay yon esplikasyon tou kout pou montre jan vèsè yo pwouve enfòmasyon an kòrèk. Sa pèmèt moun k ap kondui etid la wè si etidyan an byen konprann pwen prensipal ki nan leson an, si li wè jan Bib la soutni enfòmasyon an e si li dakò ak yo. Sa fòme etidyan an tou pou l aprann sèvi ak Bib la pou l esplike lòt moun laverite.
7. Ki jan nou ka sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou nou ranpli misyon nou ?
7 Fason ki pi efikas pou nou ranpli misyon nou genyen pou nou anseye moun yo e pou nou fè disip, se lè nou imite metòd Jezi te itilize pou l anseye (Mat. 28:19, 20). Liv Sa Labib anseye a kapab ede nou fè sa. Annou byen sèvi avè l pou nou anseye lòt moun laverite yon fason ki klè, ki senp e ki enteresan.