Kèk modèl prezantasyon
Toudegad 1ye desanm
“N ap fè yon ti pale ak vwazen nou yo pou n korije yon pwennvi ki pa fin kòrèk kèk moun genyen sou Bib la. Anpil moun respekte Bib la, men yo panse Bib la twò difisil pou moun konprann. E ou menm, sa w panse de Bib la? [Kite moun nan reponn.] Gade yon rezon nou genyen ki fè n dwe chèche konprann Bib la. [Li Women 15:4.] Peryodik sa a fè nou konnen yo te ekri Bib la yon fason pou moun konprann li. Anplis de sa, peryodik la ban nou kèk bon konsèy k ap ede nou konprann Bib la.”
Réveillez-vous! Desanm
“N ap fè yon ti pale ak vwazen nou yo sou sa ki ka ede yo reyisi lavi fanmi yo. Tout moun ta renmen pou fanmi yo viv anpè e pou moun nan kay la antann yo youn ak lòt. Ki sa w panse k ap pi bon pou yon fanmi: Pou moun nan fanmi an fè efò pou yo evite gen dezakò oubyen pou yo aprann fason pou yo rezoud dezakò yo pi byen? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa yon pwovèb ki nan Bib la di. [Li Pwovèb 26:20.] Peryodik sa a pale sou kèk konsèy pratik Bib la bay k ap ede fanmi yo gen plis lapè nan kay la.”