BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/14 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 11/14 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa desanm

“Nou vin wè w pou nou fè yon ti pale avè w sou sa ki ka ede w reyisi lavi fanmi w. Anpil paran ta renmen pou pitit yo renmen Bondye. Èske w panse se yon bagay paran yo ka anseye pitit yo oubyen èske se timoun yo ki pou degaje yo pou yo aprann renmen Bondye poukont yo?” Kite moun nan reponn. Montre moun nan do Toudegad 1ye desanm nan, egzamine repons yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, apre sa pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.

Toudegad 1ye desanm

“N ap vizite vwazen nou yo pou nou fè yon ti pale avèk yo konsènan Bondye. Nou konnen chak moun gen opinyon pa yo sou Bondye. Èske w panse pou pifò moun Bondye se yon fòs ki egziste, men li pa yon pèsòn reyèl oubyen èske Bondye se yon zanmi ki sansib pou yo? [Kite moun nan reponn.] Vèsè nou pral li a montre nou ki kalite relasyon Bondye vle nou genyen avè l. [Li Jak 4:8a.] Peryodik sa a atire atansyon nou sou twa bagay nou ka fè pou n ka santi nou pi pwòch ak Bondye.”

Réveillez-vous! Desanm

“Nou pase rann ou yon ti vizit tou kout pou nou ka fè yon ti pale sou yon pwoblèm sante ki kouran jodi a e ki enkyete anpil moun. Dapre sa Òganizasyon mondyal lasante fè konnen, sou chak kat moun gen youn ladan yo k ap gen yon pwoblèm mantal, tankou depresyon, nan yon moman nan lavi yo. Selon ou menm, èske pwoblèm mantal sa a vin pi kouran jodi a? [Kite moun nan reponn.] Bib la ban nou espwa talè konsa moun ki pral viv sou tè a pap gen pwoblèm sante ankò e y ap sispann soufri. [Li Revelasyon 21:3, 4.] Peryodik sa a montre kèk bagay tout moun dwe konnen sou pwoblèm mantal yo.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje