LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Kèk fason pou nou sèvi ak JW Library
POU NOU ETIDYE:
Li Labib ak tèks pou jounen an
Li Liv aktivite Temwen Jewova yo, peryodik yo ak lòt piblikasyon ankò. Sèvi ak makè a pou w make kote w rive
Prepare reyinyon kongregasyon an, epi souliye repons kesyon yo
Gade videyo
NAN REYINYON YO:
Gade vèsè oratè yo site yo. Sèvi ak pati istorik la pou w retounen nan yon vèsè
Olye w pote yon pakèt piblikasyon nan reyinyon an, pito w sèvi ak aparèy ou genyen an pou w suiv divès patisipasyon y ap fè yo e pou w chante kantik yo. JW Library gen nouvo kantik yo, kantik yo poko mete nan liv kantik la
NAN PREDIKASYON:
Montre yon moun ki enterese yon bagay nan JW Library, ansuit, ede l telechaje aplikasyon an ansanm ak piblikasyon yo sou aparèy li a
Sèvi ak pati rechèch la pou w ka jwenn vèsè nan Bib la. Ou ka tape yon mo kle oswa yon ekspresyon pou w jwenn yon vèsè nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Montre yon videyo. Si moun ou rankontre a gen timoun, ou ka pase youn nan videyo ki nan ribrik Fè zanmi ak Jewova a. Oswa ou ka montre l videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? pou w ka fè l enterese fè yon etid biblik. Si w rankontre yon moun ki pale yon lòt lang, montre l yon videyo ki nan lang li pale a
Montre yon moun yon vèsè nan yon lòt lang, sèvi ak yon vèsyon Labib ou te telechaje pou w fè sa. Ale nan chapit la, seleksyone vèsè a pou w montre moun nan sa lòt tradiksyon an di