TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 135-141
Ou fè nou yon fason ki estrawòdinè
David te medite sou prèv ki montre bèl kalite Bondye genyen yo ki parèt nan tout kreyasyon l lan. Avèk konfyans, li te itilize lavi l pou l sèvi Jewova.
Lè David te byen reflechi sou kreyasyon an, sa te pouse l fè louwanj pou Jewova:
“M ap fè louwanj pou ou paske ou fè m yon fason ki estrawòdinè”
“Ou te wè tout zo m nan kachèt kote m te pran fòm nan, lè w te tise m tankou yon twal nan zòn ki pi fon nan tè a”
“Ou te wè m ak je w lè m te nan vant. Tout pati m yo te ekri nan liv ou a”