TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 17-23
Lè yon moun mal sèvi ak pouvwa li genyen, sa fè l pèdi otorite l
Chebna te yon administratè “ki responsab kay wa a”, petèt se te kay wa Ezekyas. Apre wa a, se li ki te gen plis pouvwa, e yo te konte anpil sou li.
Chebna te dwe pran swen pèp Jewova a
Li te chèche glwa pou tèt li sèlman
Jewova te met Elyakim nan plas Chebna
Jewova te bay Elyakim “kle kay David la”, sa te reprezante pouvwa ak otorite
Reflechi sou sa: Ki jan Chebna te ka sèvi ak otorite l pou l ede lòt moun?