TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 38-42
Jewova bay moun ki fatige yo fòs
Yon èg ka rete anlè pandan plizyè èdtan, li pwofite kouran lè cho k ap monte yo pou l fè sa. Yonfwa èg la jwenn yon kouran lè cho, li antre ladan l, e sa fè èg la monte pi wo tikras pa tikras. Lè l rive nan yon wotè, li plane al sou yon lòt lè cho, e menm bagay rekòmanse
Ta sanble èg la vole san l pa fè efò, se yon bèl konparezon pou montre jan nou kapab kontinye adore Bondye grasa fòs li ban nou