BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 septanm p. 31
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sou menm sijè a
  • Chante Salomon an — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Jewova bay moun ki fatige yo fòs
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sa zwazo nan syèl la aprann nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • “Pa gen youn nan nou k ap peri”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 septanm p. 31

Kesyon lektè yo poze

Moun ki te ekri Pwovèb 30:​18, 19 la te di li “pa rive konprann [...] fason yon gason ye lè l avèk yon jèn dam”. Ki sa l te vle di menm?

Anpil moun konn ap mande tèt yo ki sa vèsè sa yo vle di, menm moun ki konn anpil bagay sou Bib la. Men ki jan nou li vèsè sa yo nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a: “Gen twa bagay mwen pa rive konprann [oswa: “twò estrawòdinè”, nòt], e gen kat bagay mwen pa konprann: Fason yon èg plane nan syèl la, fason yon sèpan file sou yon mas wòch, fason yon bato kouri nan mitan lanmè, ak fason yon gason ye lè l avèk yon jèn dam.” — Pwo. 30:​18, 19.

Anvan sa, nou te konprann ekspresyon “fason yon gason ye lè l avèk yon jèn dam” nan fè referans ak yon bagay ki mal. Poukisa? Youn nan rezon ki fè n te panse konsa se paske nan kontèks la yo site plizyè bagay mal ki pa janm di “ase”. (Pwo. 30:​15, 16.) Epitou, nan vèsè 20 an, yo pale konsènan “yon fi ki nan adiltè” ki fè konnen li pa fè anyen ki mal. Nou te panse menm jan yon èg ka plane byen wo nan syèl la, menm jan yon sèpan ka file sou yon mas wòch oswa menm jan yon bato ka kouri nan mitan lanmè, se konsa tou, yon gason ka fè yon bagay san l pa kite lòt moun konnen sa l fè a. Se sa k fè nou te panse ekspresyon “fason yon gason ye lè l avèk yon jèn dam” nan fè referans ak yon bagay ki mal, sa vle di, yon jèn gason ki pran tèt yon jèn fi pou l gen relasyon seksyèl avè l.

Sepandan, gen bonjan rezon pou n kwè vèsè sa yo ap pale konsènan yon bagay ki pozitif. Moun ki te ekri vèsè sa yo te jis ap pale konsènan yon seri bagay ki estrawòdinè e ki te fè l kontan.

Mete sou sa, maniskri ebre yo montre pasaj sa a gen yon sans pozitif. Selon sa yon diksyonè fè konnen, ekspresyon ebre lè yo tradui l yo mete “mwen pa rive konprann” nan ki parèt nan Pwovèb 30:18 la “fè referans ak yon bagay yon moun [...] twouve ki estrawòdinè, ki enposib, e ki menm fè moun ret bouch ouvè”. — Theological Lexicon of the Old Testament.

Nan menm sans lan, gen yon pwofesè ki rele Crawford H. Toy k ap travay nan inivèsite Harvard nan peyi Etazini ki fè konnen pasaj sa a ki parèt nan Bib la pap pale konsènan yon bagay ki mal. Men sa l te di: “Ide a se montre nou jan yon seri bagay yo site bèl anpil.”

Pou tout rezon sa yo, sanble li rezonab pou nou di pawòl nou jwenn nan Pwovèb 30:​18, 19 la ap pale konsènan yon seri bagay ki vrèman estrawòdinè, yon seri bagay nou pa menm ka rive konprann. Menm jan ak moun ki te ekri vèsè sa yo, nou ret bouch ouvè lè nou wè fason yon èg ap plane nan syèl la, fason yon sèpan ki pa menm gen pye ap file sou yon mas wòch, fason yon gwo bato ap vwayaje nan mitan lanmè, ak fason yon jèn gason avèk yon jèn fi ka tonbe damou epi yo viv ansanm ak kè kontan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje