TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 25-28
Ann met kran sou nou menm jan ak Jeremi
Jeremi te fè konnen yo t ap ravaje Jerizalèm menm jan yo te ravaje Silo
Pandan yon epòk, se Silo yo te mete lach alyans lan, ki te reprezante prezans Jewova
Jewova te pèmèt moun Filisti yo pran Lach la, epi Lach la pa t janm retounen Silo ankò
Prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan pèp la te menase Jeremi pou yo touye l
Moun nan pèp la te met men sou Jeremi paske li t ap pwofetize kont Jerizalèm ak tanp lan
Jeremi pa t kite sa, ni li pa t chèche chape poul li
Jewova te pwoteje Jeremi
Jeremi te kontinye mete kran sou li, e Jewova pa t abandone l
Bondye te fè Ayikam, yon moun ki te gen kran, bay pwofèt Jeremi pwoteksyon
Grasa èd ansanm ak ankourajman Jewova te bay Jeremi, Jeremi te rive fè 40 an ap anonse yon mesaj moun yo pa t vle tande