TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 1-3
“Wayòm syèl la vin pi pre”
Rad ak aparans Jan te ka fè tout moun wè tousuit li t ap mennen yon vi ki senp e li te bay tout li menm nan fè volonte Bondye
Privilèj Jan te genyen pou l ouvri chemen pou Mesi a te tèlman espesyal opwen tout sakrifis li te fè yo te vo lapèn
Lè nou mennen yon vi senp, sa ede nou fè plis nan sèvis n ap bay Bondye a e sa ban nou anpil kè kontan. Nou kapab senplifye lavi nou lè nou...
chèche konnen sa nou bezwen
evite fè depans ki pa nesesè
fè yon bidjè ki reyalis
pa kenbe bagay nou pa itilize
fin peye tout dèt nou
pran dispozisyon pou n pa travay twòp
Jan te konn manje krikèt ak myèl sovaj.
Lè m mennen yon vi ki senp, ki objektif sa ap ede m atenn?