BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 mas p. 8
  • Fason nou ka aprann renmen Bondye ak pwochen nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason nou ka aprann renmen Bondye ak pwochen nou
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Pran plezi w nan Pawòl Bondye a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Pi byen pwofite lekti w ap fè nan Bib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Konsantre w sou lekti w ap fè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sèt etap pou w tire pwofi nan lekti Labib ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 mas p. 8

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason nou ka aprann renmen Bondye ak pwochen nou

Se vre kretyen yo pa sou Lalwa Moyiz la, sepandan sa pa anpeche de pi gwo kòmandman ki mande pou n renmen Bondye ak pwochen nou yo rezime sa Jewova ap atann de nou jis jounen jodi a (Mt 22:37-39). Nou pa tou fèt ak lanmou sa a, nou dwe fè efò pou n genyen l. Ki jan n ka rive genyen l? Youn nan pi bon fason an se lè nou li Labib chak jou. Lè n medite sou divès aspè ki gen nan pèsonalite Bondye, jan sa parèt nan Bib la, nou rive wè “tout bon bagay Jewova gen lakay li”. (Sm 27:4.) Kòm rezilta, nou vin renmen l pi plis epi nou vin plis wè bagay yo menm jan avè l. Anplis de sa, sa pouse n obeyi kòmandman Bondye yo, san wete kòmandman ki mande pou n renmen lòt moun opwen nou dispoze fè sakrifis pou yo (Jan 13:34, 35; 1J 5:3). Men twa fason w ka itilize pou w fè lekti Labib ou vin pi enteresan:

  • Sèvi ak imajinasyon w epi viv sa w ap li a. Eseye wè tèt ou nan sèn nan. Ki sa w wè, ki sa w tande e ki sant ou pran? Ki jan w panse moun y ap pale de yo nan istwa a santi yo?

    Yon frè ap imajine sa l ap li nan Bib la.
  • Itilize divès fason pou w li. Men kèk opsyon: Ou ka li awotvwa, ou ka koute yon anrejistreman odyo pandan w ap suiv nan bib ou. Ou ka li yon istwa ki pale sou yon moun nan Bib la oswa sou yon sijè olye pou w li chapit yo nan lòd yo ye a. Pa egzanp, sèvi ak Apendis A7 oswa B12 nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a pou w li sou lavi Jezi. Li tout chapit tèks pou jounen an soti a. Li Bib la nan lòd yo te ekri l la.

    Yon sè k ap li Labib sou jw.org.
  • Pa annik li pou li. Li pi bon lontan pou w li menmsi se yon chapit chak jou nan objektif pou w konprann epi medite sou sa w li a, olye pou w li yon pakèt chapit jis pou w ka di w te li. Egzamine kontèks la. Egzamine tout ti detay yo epi sèvi ak kat yo e ak referans ki nan mitan chak paj yo. Fè rechèch sou omwen yon bagay ou pa konprann. Si sa posib, pase plizoumwen menm kantite tan ou fè ap li a pou w ka medite.

    De apendis nan Tradiksyon monn nouvo a
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje