LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Evite danje ki gen nan rezo sosyal
POUKISA SA ENPÒTAN: Menm jan ak pifò zouti, rezo sosyal kapab itil nou, men se konsa tou li kapab vin yon danje pou nou. Gen frè ak sè ki chwazi pa itilize rezo sosyal. Gen lòt yo menm ki itilize rezo sosyal pou yo ret an kontak ak fanmi yo e ak zanmi yo. Men, Dyab la ta renmen nou mal sèvi ak rezo sosyal, sa ki ta ka sal repitasyon nou oswa gen gwo efè sou relasyon nou ak Jewova. Menm jan ak Jezi, nou ka itilize prensip ki nan Pawòl Bondye a pou ede nou idantifye danje yo epi evite yo. — Lk 4:4, 8, 12.
DANJE POU NOU EVITE:
Itilize rezo sosyal yo twòp. Lè nou pase plizyè èdtan sou rezo sosyal, sa kapab pran nan tan nou konn rezève pou Jewova a.
Prensip ki nan Bib la: Ef 5:15, 16; Fp 1:10
Gade yon seri bagay ki yon ti jan sispèk. Lè n ap gade yon seri imaj ki ka leve dezi lakay nou, sa ka fè n vin esklav pònografi oswa imoralite. Lè nou li yon seri bagay aposta yo ekri oswa n al sou paj yo, sa ka kraze lafwa n.
Mete yon seri kòmantè oswa foto ki pa kòrèk. Kòm kè a trèt, yon moun gendwa gen tandans mete yon seri kòmantè oswa foto ki pa kòrèk sou rezo sosyal yo. Men, sa kapab sal repitasyon yon moun e menm lakòz lòt moun bite.
GADE VIDEYO KI GEN TIT BYEN SÈVI AK REZO SOSYAL, EPI GADE IMAJ KI VIN APRE YO POU W WÈ KÒMAN W KA EVITE TONBE NAN PYÈJ SA YO: