BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 mas p. 9
  • Kiyès ki zanmi w sou Entènèt?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès ki zanmi w sou Entènèt?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Èske m ka fè zanmi sou Entènèt?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Evite danje ki gen nan rezo sosyal
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sit wèb ofisyèl nou an: Sèvi avè l nan etid pèsonèl ak nan etid an fanmi
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Byen chwazi moun k ap zanmi w
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 mas p. 9

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kiyès ki zanmi w sou Entènèt?

Yo defini yon zanmi tankou “yon moun ki atache ak yon lòt moun lè yo demontre afeksyon oswa konsiderasyon youn pou lòt”. Pa egzanp, Jonatan ak David te vin gen yon amitye ki pa ka kraze apre David te fin touye Golyat (1Sa 18:1). Yo chak te demontre yon seri kalite ki te fè youn renmen lòt. Se sa k fè, amitye ki solid baze sou konesans egzak. Jeneralman, pou nou rive konnen yon moun sa mande tan ak efò. Sepandan, li fasil pou moun yo fè “zanmi” sou rezo sosyal lè yo jis peze yon bouton. Lefètke sou Entènèt moun yo kapab planifye egzakteman sa y ap di e yo ka plizoumwen kontwole sa yo vle lòt moun panse de yo, sa fè l fasil pou yo kache kiyès yo ye toutbon. Se sa k fè, li bon pou nou byen chwazi ‘kiyès n ap aksepte kòm zanmi nou’ sou Entènèt. Si yon moun ou pa vrèman konnen mande w pou w zanmi l sou Entènèt ou pa bezwen pè inyore oswa rejte demann li an jis paske w pa vle blese santiman l. Anrapò ak danje ki kapab genyen nan sèvi ak rezo sosyal, gen kèk moun ki chwazi pa sèvi avè l ditou. Sepandan, si w chwazi sèvi ak rezo sosyal, ki sa w ta dwe gen nan lespri w?

GADE VIDEYO KI GEN TIT BYEN SÈVI AK REZO SOSYAL, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo “Byen sèvi ak rezo sosyal.” Yon tifi ki sezi wè y ap pase foto l nan televizyon.

    Ki sa w ta dwe pran an konsiderasyon anvan w poste kòmantè ak foto?

  • Yon sèn nan videyo “Byen sèvi ak rezo sosyal.” Yon balans ki gen yon bèl foto yon tifi sou yon bò epi sou lòt bò a gen yon bann pyès monnen. Foto a peze plis pase pyès monnen yo.

    Poukisa w ta dwe byen chwazi zanmi w yo sou Entènèt?

  • Yon sèn nan videyo ‘Byen sèvi ak rezo sosyal.’ De mesye ki gen move aparans k ap montre yon ti gason yon foto yo poste sou rezo sosyal, pandan ti gason ap bouche je l.

    Poukisa w ta dwe fikse limit sou kantite tan w ap pase sou rezo sosyal? — Ef 5:15, 16

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje