BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb19 fevriye p. 3
  • Èske w wè kalite Bondye genyen yo ki envizib?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w wè kalite Bondye genyen yo ki envizib?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Mèvèy ki gen nan kreyasyon an fè moun wè glwa Bondye
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Ann aprann plis sou Jewova lè n ap gade sa l kreye yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Sèvi ak sa Jewova kreye pou w aprann pitit ou konnen l
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Fason sa Jewova kreye yo demontre lanmou li genyen
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
mwb19 fevriye p. 3

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Èske w wè kalite Bondye genyen yo ki envizib?

Lè w ap gade yon bèl flè ki gen plizyè koulè, syèl la ki plen zetwal oubyen yon gwo kaskad dlo k ap tonbe byen fò, èske w wè travay Kreyatè a fè ak men l? Kreyasyon an montre aklè kalite Jewova yo ki envizib (Wm 1:20). Lè n pran yon ti tan pou n reflechi sou sa n wè, nou rive wè pouvwa oswa pisans Bondye genyen, lanmou l, sajès li ak jistis li, e nou rive wè tou jan l renmen bay. — Sm 104:24.

Ki bagay konsa Jewova kreye ou wè chak jou? Menmsi w ap viv nan yon vil, petèt ou wè zwazo ak pyebwa nan vil kote w ye a. Lè w pran san w pou w byen gade sa Jewova kreye yo, sa kapab ede w gen mwens strès, sa kapab ede w konsantre tou sou bagay ki pi enpòtan yo epi vin gen plis konfyans nan kapasite Jewova genyen pou l pran swen nou pou toutan (Mt 6:25-32). Si w gen timoun, ede yo wè kalite Jewova yo ki estrawòdinè. Plis nou aprann apresye sa Jewova kreye yo, se plis n ap vin pi pwòch Jewova. — Sm 8:3, 4.

GADE VIDEYO BÈL BAGAY KI GEN NAN KREYASYON AN FÈ N WÈ GLWA BONDYE — LIMYÈ AK KOULÈ, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki sa k fè nou rive wè koulè yo?

  • Ki sa k fè gen iridesans (sa vle di plizyè koulè ki parèt ap chanje selon ang y ap gade yo a)?

  • Ki sa k fè gen divès koulè ki konn parèt nan syèl la?

  • Ki koulè ki vrèman bèl ou wè nan kreyasyon an nan zòn ou abite a?

  • Poukisa nou dwe pran tan pou n byen gade lanati?

Yon woz woz, yon papiyon ki ble, yon fwi ki gen plizyè koulè ak solèy la k ap kouche

Ki sa limyè ak koulè aprann nou sou kalite Jewova yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje