BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb19 fevriye p. 8
  • Kontinye tann avèk enpasyans e avèk andirans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontinye tann avèk enpasyans e avèk andirans
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Pa kite anyen anpeche w jwenn rekonpans lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Rete atache ak òganizasyon Jewova a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Andirans bay rekonpans
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
mwb19 fevriye p. 8

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kontinye tann avèk enpasyans e avèk andirans

Èske w gen lontan depi w ap tann Wayòm Bondye a vini? Èske w kontinye tann li avèk pasyans e ak andirans malgre tout eprèv ou jwenn (Wm 8:25)? Gen kèk frè ak sè k ap fè fas ak lahèn, k ap sibi move tretman, yo mete yo nan prizon e yo menm fè yo menas pou yo touye yo. Gen anpil lòt k ap pran laj oswa ki oblije viv ak yon maladi ki pa gen tretman.

Lè n ap fè fas ak yon eprèv, ki sa n ka fè pou n toujou anvi ret tann? Nou dwe fè lafwa nou vin pi solid lè n pran tan pou n li Bib la chak jou epi medite sou sa nou li yo chak jou. Nou dwe kontinye panse ak esperans nou an (2Ko 4:16-18; Eb 12:2). Lè n ap priye Jewova, nou dwe sipliye l epi kontinye mande l lespri sen l (Lk 11:10, 13; Eb 5:7). Papa nou ki renmen nou an kapab ede n “andire nèt” epi “pran pasyans ak kè kontan”. — Kl 1:11.

GADE VIDEYO NOU DWE “KOURI AVÈK ANDIRANS” — GEN KONFYANS OU KAPAB GENYEN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Jamie ak madanm li k ap preche

    Ki “malè” ki ka rive sou nou “sanzatann” nan lavi a? (Ekl 9:11)

  • Apre Jamie fin fè yon stwok, Kalo pale sou yon vèsè avè l

    Ki jan lapriyè ka ede n lè nou nan eprèv?

  • Jamie ak Kalo k ap bay yon koup yon vizit pastoral

    Si nou pa ka fè tout sa nou te konn fè nan sèvis n ap bay Jewova a, poukisa nou ta dwe konsantre n sou sa n ka fè?

  • Jamie k ap imajine tèt li ki byen djanm ankò nan Paradi a

    Kite je w fikse sou rekonpans lan

    Ki sa k ede w kontinye gen konfyans w ap rive genyen?

Ki jan w ka ede moun k ap fè fas ak eprèv e ki jan w ka ede fanmi yo?

  • Pale avèk yo avèk jantiyès, epi pa konpare yo ak lòt moun

  • Koute yo avèk pasyans

  • Priye pou yo e priye avèk yo

  • Fè yon ti manje pou yo epi fè kèk travay lakay yo pou yo

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje