BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb19 avril p. 8
  • Kontinye chèche fòmasyon Bondye bay la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontinye chèche fòmasyon Bondye bay la
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Ki jan Temwen Jewova yo jwenn fòmasyon?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Eske w dispoze ranpli yon fòmilè pou Lekòl evanjelizatè Wayòm nan?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Fikse objektif pou nouvo ane sèvis la — Ranpli fòmilè pou lekòl pou evanjelizatè wayòm nan
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
mwb19 avril p. 8

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kontinye chèche fòmasyon Bondye bay la

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Se Jewova, Gran Pwofesè a, ki bay pi bon fòmasyon ki egziste a. Li montre n fason pou n amelyore lavi nou e li prepare n pou n jwenn yon avni ki san parèy. Nou pa peye pou fòmasyon sa a (Eza 11:6-9; 30:20, 21; Re 22:17). Fòmasyon Jewova ban nou an pèmèt nou jwenn tout sa n bezwen tou pou n preche lòt moun mesaj k ap sove lavi yo a. — 2Ko 3:5.

FASON POU NOU FÈ L:

  • Chèche gen bèl kalite, tankou dousè ak imilite. — Sm 25:8, 9

  • Byen pwofite fòmasyon Jewova ap ba w kounye a, pa egzanp, lè w fè patisipasyon yo ba w kòm elèv nan reyinyon lasemèn nan.

  • Fikse objektif k ap ede w gen yon pi bon relasyon ak Bondye. — Fp 3:13

  • Fè sakrifis k ap pèmèt ou kalifye pou w jwenn plis fòmasyon. — Fp 3:8

GADE VIDEYO YO JWENN ANPIL BENEDIKSYON GRASA FÒMASYON JEWOVA BAY LA, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Ki obstak kèk frè ak sè te venk pou yo te ka asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan?

  • Ki fòmasyon moun ki asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan jwenn?

  • Ki jan frè ak sè nan kongregasyon yo ede elèv ki gradye yo nan nouvo asiyasyon yo resevwa yo?

  • Ki kondisyon pou yon moun ranpli pou l asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan? (kr 189)

  • Ki lòt kalite fòmasyon ou ka chèche nan òganizasyon Jewova a?

Frè ak sè ki gradye nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan k al sèvi nan peyi Namibi, Nòvèj, Etazini ak Japon

Ki benediksyon w ap jwenn si w kontinye chèche fòmasyon Bondye bay la?

MWEN JWENN FÒMASYON BONDYE BAY LA NAN:

  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen

  • Lekòl pyonye

  • Lekòl ministè Wayòm nan

  • Lekòl pou ansyen

  • Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan

KI FÒMASYON BONDYE BAY M AP CHÈCHE JWENN?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje