LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Èske w dispoze ranpli yon fòmilè pou Lekòl evanjelizatè Wayòm nan?
Èske w gen ant 23 a 65 an epi w nan sèvis aplentan? Èske w gen yon bon sante e èske w kapab sèvi kèlkeswa kote ki gen plis bezwen? Si w reponn wi pou kesyon sa yo, èske w anvizaje ranpli yon fòmilè pou Lekòl evanjelizatè Wayòm nan? Depi lè yo te anonse premye klas la, gen plizyè milye koup marye, frè selibatè ak sè selibatè ki ranpli yon fòmilè. Sepandan, nou bezwen plis frè selibatè ranpli fòmilè a. Mande Jewova pou l ogmante dezi w genyen pou w fè l plezi e pou w imite Pitit Gason l lan (Sm 40:8; Mt 20:28; Eb 10:7). Ansuit, egzamine ki jan w kapab redui nan travay ou oswa aktivite pèsonèl ou yo pou w vin kalifye.
Ki fason e ki kote moun ki resevwa fòmasyon yo kapab sèvi? Gen kèk nan moun ki diplome yo ki jwenn asiyasyon pou y al sèvi kote yo pale yon lòt lang oubyen pou yo patisipe nan yon fòm temwayaj piblik nan gran vil yo. Gen lòt nan diplome yo pi devan ki sèvi kòm siveyan sikonskripsyon ranplasan, kòm siveyan sikonskripsyon oswa kòm misyonè. Toutpandan w ap reflechi sou posiblite w genyen nan sèvis Jewova a, ou ka di pawòl pwofèt Ezayi yo, ki di: “Men mwen! Voye m!” — Eza 6:8.
GADE VIDEYO KI GEN TIT MISYONÈ YO — TRAVAYÈ KI NAN REKÒT LA, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Sou ki baz yo chwazi misyonè yo?
Ki bon travay misyonè yo ap fè?
Bay kèk benediksyon sèvis misyonè a bay