LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Chèche pi byen pwofite etid pèsonèl ou
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Etid pèsonèl nou fè nan Pawòl Bondye a ede nou “konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè” laverite (Ef 3:18). Li ede n rete san repwòch e san tach nan mitan vye monn mechan sa a, epi li pèmèt nou kontinye “kenbe pawòl lavi a byen di”. (Fp 2:15, 16.) Nou chak gen posiblite chwazi sa nou ta renmen aprann nan etid pèsonèl nou fè nan Pawòl Bondye a. Ki jan nou ka pi byen pwofite tan nou rezève pou n li epi etidye Bib la?
FASON POU NOU FÈ L:
Souliye vèsè yo epi mete kèk ti nòt nan Bib ou itilize pou w fè etid pèsonèl ou a, kit se fòma enprime, kit se fòma elektwonik
Pandan w ap li Pawòl Bondye a, poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Kiyès? Ki sa? Ki lè? Ki kote? Poukisa? Ki jan?’
Chèche enfòmasyon w bezwen. Sèvi ak zouti nou genyen pou n fè rechèch yo, tape sa w ap chèche a oubyen vèsè w ap fè rechèch sou li a
Medite sou sa w li yo pou w wè ki jan w ka aplike sa w aprann yo nan ka pa w
Aplike sa w aprann yo nan lavi w chak jou. — Lk 6:47, 48
GADE VIDEYO KENBE PAWÒL BONDYE A “BYEN DI” — GRASA BONJAN ETID PÈSONÈL, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki sa kèk moun di konsènan etid pèsonèl?
Poukisa li enpòtan pou n toujou priye anvan nou kòmanse etid pèsonèl nou?
Ki sa k ka ede n pi byen konprann yon pasaj nan Bib la?
Ki jan nou ka note kèk bagay nan Bib etid nou an?
Poukisa li enpòtan anpil pou n pran tan pou n medite lè n ap etidye Pawòl Bondye a?
Ki sa nou dwe fè ak bagay nou aprann yo?
“Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo! Mwen reflechi sou yo tout lajounen.” — Sm 119:97