Ann chèche gen entimite avèk Jewova
1. Ki sa finalman yon sè te reyalize konsènan aktivite espirityèl li ?
1 “ Sa fè anviwon 20 an depi mwen nan laverite pou lafòm, mwen sèlman kontante m al nan reyinyon, e mwen kontante m patisipe nan predikasyon. ” Se sa yon sè te admèt. Sepandan, men sa l ajoute : “ Finalman, m reyalize menmsi bagay sa yo enpòtan, yo menm poukont yo pa ka soutni m lè pwoblèm met pye. [...] Kounye a, mwen rann mwen kont mwen dwe korije fason m wè bagay yo e mwen dwe tabli yon bonjan pwogram etid, yon fason pou m ka rive konnen Jewova toutbonvre, pou m renmen l e pou m gen rekonesans pou sa Pitit li a ban nou. ”
2. Poukisa li enpòtan pou nou chèche gen entimite avèk Jewova ?
2 Sa mande efò pou yon moun vin gen yon relasyon pèsonèl sere sere avèk Jewova. Sa mande plis pase annik suiv pwogram aktivite nou genyen antanke kretyen. Si nou pa kominike avèk Jewova regilyèman, finalman, li ka vin tankou yon ansyen bon zanmi nou pèdi kontak avèk li (Rev. 2:4). Annou egzamine kòman etid pèsonèl ak lapriyè ka ede nou chèche gen entimite avèk Jewova. — Sòm 25:14.
3. Ki jan nou ta dwe fè etid pèsonèl nou pou nou ka vin pwòch ak Bondye ?
3 Li esansyèl pou nou priye e pou nou medite : Yon etid pèsonèl ki nouri kè a mande plis pase annik souliye repons nan yon piblikasyon, sa mande plis pase chèche vèsè. Yon etid konsa vle di pou nou reflechi sou sa enfòmasyon sa yo revele anrapò ak fason Jewova aji, prensip li yo ak pèsonalite li (Egz. 33:13). Lè nou rive konprann bagay espirityèl yo, sa aji sou santiman nou e sa pouse nou reflechi sou pwòp vi nou (Sòm 119:35, 111). Nou ta dwe fè etid pèsonèl avèk objektif pou nou vin pwòch ak Jewova (Jak 4:8). Yon etid serye mande tan ak yon kad ki favorab e, pou yon moun etidye regilyèman, sa mande disiplin (Dan. 6:10). Menmsi nou okipe anpil, èske chak jou, nou pran tan pou nou medite sou bèl kalite Jewova yo ? — Sòm 119:147, 148 ; 143:5.
4. Nan ki sans lapriyè nou fè anvan nou etidye ede nou pou nou chèche gen entimite avèk Jewova ?
4 Yon aspè enpòtan nan etid pèsonèl la se priye ak tout kè nou. Pou verite biblik yo ka touche kè nou e pou yo ka pouse nou “ bay Bondye yon sèvis sakre, [...] avèk krent nou gen pou li e avèk respè ”, nou bezwen lespri sen Bondye (Ebre 12:28). Donk, chak fwa nou pral etidye, nou dwe mande Jewova lespri li (Mat. 5:3). Lè nou medite sou Bib la e nou sèvi ak piblikasyon òganizasyon an mete a dispozisyon nou, se ouvri n ap ouvri kè nou bay Jewova (Sòm 62:8). Yon etid konsa fè pati adorasyon n ap bay Bondye, e se yon fason pou nou eksprime atachman nou pou Jewova e pou nou fè l vin pi solid. — Jid 20, 21.
5. Poukisa li enpòtan pou nou medite sou Pawòl Bondye a chak jou ?
5 Menm jan sa fèt nan tout relasyon, nou dwe kontinye antretni relasyon nou ak Jewova, yon fason pou relasyon sa a vin pi sere chak jou nan lavi nou. Donk, annou rachte tan chak jou pou nou pwoche bò kote Bondye, piske nou konnen li menm anretou, l ap pwoche bò kote nou. — Sòm 1:2, 3 ; Efe. 5:15, 16.