BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb19 oktòb p. 8
  • Jewova renmen moun ki pwòp

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova renmen moun ki pwòp
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Bondye renmen moun ki pwòp
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Poukisa pwòpte enpòtan ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Jewova vle pou pèp li a pwòp
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Sèvitè Bondye yo dwe pwòp
    Ki sa Bondye vle nou fè?
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
mwb19 oktòb p. 8
Yon frè k ap netwaye yon twalèt nan Sal Wayòm nan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jewova renmen moun ki pwòp

Men kèk bagay paran yo konn mande pitit yo pou yo fè: “Lave men nou. Netwaye chanm nou. Bale kay la. Jete fatra yo.” Se vre, anpil paran aprann pitit yo fason pou yo rete pwòp nan domèn fizik, sepandan, se Bondye nou an ki sen ki vini ak kesyon pwòpte a (Eg 30:18-20; Dt 23:14; 2Ko 7:1). Lè n kenbe kò nou ak sa nou posede pwòp, nou onore Jewova (1P 1:14-16). Sa n ka di konsènan kay nou ak nenpòt lòt kote nou ye? Kontrèman ak moun k ap jete fatra nan lari ak sou plas piblik, kretyen yo fè anpil efò pou tè a, kay yo abite ladan l lan, rete pwòp (Sm 115:16; Re 11:18). Menm bagay ki parèt pa gen twòp enpòtans tankou kote nou jete papye sirèt, kanèt ki te gen bwason, bidon oswa gonm chiklèt, tout sa kapab montre ki jan nou wè kesyon pwòpte a. Nou vle “rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye” nan tout aspè nan lavi nou. — 2Ko 6:3, 4.

GADE VIDEYO BONDYE RENMEN MOUN KI PWÒP LA, APRE SA, REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki bagay konsa kèk moun konn di poutèt yo pa pwòpte bagay yo posede?

  • Ki jan Lwa Moyiz la ede nou wè fason Jewova konsidere pwòpte?

  • Ki jan nou ka fè Jewova jwenn louwanj san n pa menm pale?

Yon papa k ap monte machin pitit gason l ki sal; papa a ak pitit gason l k ap pale sou prensip Jewova bay anrapò ak kesyon pwòpte a; de prèt ann Izrayèl ki toupre basen an kuiv pou yo lave kò yo a; kèk moun ki pral preche ki sot nan machin pitit gason an ki pwòp kounye a

Ki jan m ka montre nan lavi m mwen gen menm pwennvi ak Jewova sou kesyon pwòpte a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje