BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w09 1/1 p. 23-26
  • Poukisa pwòpte enpòtan ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa pwòpte enpòtan ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Li enpòtan pou tout moun nan fanmi an bay konkou pa yo
  • Lè nou pwòp, sa onore Bondye n ap sèvi a
  • “ Fè tankou Bondye ”
  • Jewova renmen moun ki pwòp
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Bondye renmen moun ki pwòp
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Kòman pou w dirije yon kay ?
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
w09 1/1 p. 23-26

Poukisa pwòpte enpòtan ?

Pandan plizyè milye ane, gen anpil epidemi mòtèl ki te frape limanite. Gen moun ki te panse maladi sa yo se siy ki montre Bondye te an kòlè kont lèzòm e se li ki te voye yo pou l pini moun k ap fè mechanste. Men, apre anpil rechèch ki te fèt pandan plizyè syèk, yo vin dekouvri se yon bann ti bèt k ap viv bò kote nou ki responsab maladi sa yo.

Moun k ap fè rechèch nan domèn medikal yo vin dekouvri gen yon seri bèt tankou rat, sourit, ravèt, mouch ak marengwen ki kapab transmèt maladi. Chèchè sa yo dekouvri tou, souvan, se paske moun yo manke fè pwòpte ki fè yo pran yon seri maladi trapan. Kidonk, sanble, lè moun fè pwòpte, sa ka pwoteje lavi yo, tandiske lè yo pa fè pwòpte, sa ka menm lakòz yo mouri.

Nòmalman, nivo pwòpte ki nòmal pou yon moun depann de koutim zòn kote l ap viv la ak kondisyon l ap viv ladan l. Nan zòn kote pa gen tiyo k ap bay dlo oswa pa gen okenn sistèm ki konvnab pou jete dlo ak lòt matyè ki kontamine, li kapab difisil pou yo fè pwòpte. Sepandan, nan tan lontan, Bondye te bay Izrayelit yo enstriksyon sou fason pou yo fè pwòpte pandan yo te nan dezè a, kote yo te nan yon sitiyasyon ki te fè li difisil anpil pou yo fè bon pwòpte.

Sa k fè pwòpte enpòtan pou Bondye ? Ki pwennvi rezonab nou dwe genyen sou pwòpte ? Ki bagay byen senp ou menm ak fanmi w kapab fè pou nou diminye risk ki genyen pou nou vin malad ?

MAXa, yon tigason k ap viv Kamewoun pran wout pou l al lakay li apre lekòl fin lage. Li rive tou grangou tou swaf, li antre nan kay la, yon ti kay byen senp, epi li karese chen l lan ki t ap tann li. Apre sa, li mete sak lekòl li a sou tab ki nan salamanje a, li chita, epi l ap tann pou yo ba l manje.

Lè manman Max, ki te nan kuizin nan, tande Max antre, li pote yon plat diri ak pwa byen cho pou li. Men, vizaj li chanje lè li wè sak lekòl la sou tab la. Lè sa a, li gade pitit gason l lan epi li di l tou dousman : “ Sa w ap fè konsa Max ! ” Max gentan konprann. Byen vit, li retire sak la sou tab la, epi li kouri al lave men l. Yon ti tan apre, li tounen pou l al manje ti manje li t ap tann nan. Avèk yon ti vwa tou piti li di manman l : “ Eskize m manman, m te bliye sa. ”

Yon manman ki renmen fanmi l kapab fè anpil bagay pou l ede fanmi l rete an sante e pou l kenbe kay li pwòp, byenke li bezwen pou tout moun nan kay la ede l. Jan istwa Max la montre sa, yon paran bezwen kontinye bay pitit li fòmasyon, paske pwòpte mande anpil tan ak efò, e timoun yo toujou bezwen rapèl nan men paran yo.

Manman Max konnen gen plizyè fason yon manje ka kontamine. Se sa k fè, nonsèlman li byen lave men l anvan li manyen manje, men tou, li toujou kouvri yo yon fason pou mouch pa kontamine yo. Li fè atansyon pou l pa kite manje yon kote san li pa pwoteje l, e li toujou kenbe kay li annòd e pwòp, konsa, li pa gen anpil pwoblèm ak rat, sourit ak ravèt.

Yon rezon enpòtan ki fè manman Max pran tout prekosyon sa yo, se paske li vle fè Bondye plezi. Men sa li di : “ Bib la di pèp Bondye a dwe sen paske Bondye sen. ” ​(1 Pyè 1:16). Men sa li di ankò : “ Sentete sanble ak pwòpte. Se sa k fè mwen vle pou kay mwen pwòp e pou fanmi m pwòp. Natirèlman, sa posib sèlman paske tout moun nan fanmi an bay konkou pa yo. ”

Li enpòtan pou tout moun nan fanmi an bay konkou pa yo

Jan manman Max te di sa, pwòpte se yon bagay tout moun nan fanmi an bezwen patisipe ladan l. Gen kèk fanmi ki chita ansanm detanzantan pou yo pale sou sa yo bezwen fè nan domèn pwòpte e sou amelyorasyon yo kapab fè ni anndan kay la ni deyò kay la. Ti chita pale sa yo pèmèt fanmi sa yo ini tou e yo fè tout moun sonje sa yo bezwen fè k ap bon pou tout moun nan fanmi an. Pa egzanp, yon manman kapab di pi gran pitit li yo pou ki rezon yo dwe lave men yo chak fwa yo sot nan twalèt, chak fwa yo sot manyen lajan e anvan yo manje. Pi gran yo, bò kote pa yo, kapab ankouraje pi piti yo pou yo pran konsèy sa yo oserye.

Tout moun nan fanmi an kapab met ansanm pou yo pataje diferan travay ki gen pou fèt anndan kay la. Petèt yo ta ka pran desizyon pou yo netwaye kay la regilyèman chak semèn e pou yo fè yon gwo netwayaj youn oswa de fwa pa ane. E pou deyò kay la menm ? Men sa Stewart Udall, yon moun k ap travay pou pwoteje anviwònman, di konsènan peyi Etazini : “ N ap viv nan yon peyi kote bèl peyizaj yo ap disparèt ofiramezi, yon peyi k ap vin pi lèd chak jou, kote vin gen mwens espas de jou an jou, e kote anviwònman an kontinye ap vin pi mal chak jou akoz polisyon, bri ak lòt bagay ankò k ap deteryore l. ”

Èske se menm enpresyon sa a ou genyen tou anrapò ak kote w ap viv la ? Ann Afrik santral, nan tan lontan, e menm jodi a tou, nan kèk vil, gen yon moun ki konn sonnen yon klòch pou l fè moun yo koute l. Apre sa, li pale byen fò pou l fè yo sonje pou yo netwaye vil la, netwaye twou rego yo, debranche pyebwa yo, rache move zèb yo epi jete tout fatra.

Kesyon fatra a se yon gwo pwoblèm sou tout tè a, e pou anpil gouvènman, se yon gwo tètchaje. Nan kèk vil, otorite yo konn pa rive ranmase tout fatra yo gen pou yo ranmase. Lè konsa, fatra yo fè pil nan lari yo. Otorite yo konn mande sitwayen yo ede yo. Nan ka sa a, antanke bon sitwayen, kretyen yo fè pati premye moun ki aksepte pou yo suiv lwa Seza yo san yo pa plenyen (Women 13:3, 5-7). Epitou, yo dispoze fè plis pase sa yo mande yo. Yo vle pou kote y ap viv la pwòp e yo pran inisyativ pou yo netwaye l. Yo pa toutan bezwen se yon moun ki pou fè yo sonje fè sa. Yo konnen moun ki renmen pwòpte se moun ki gen bon fòmasyon e ki konprann enpòtans li. Kesyon pwòpte a konsène chak moun ak chak fanmi. Lè yon moun kenbe kay li pwòp, sa ap pèmèt li rete an bòn sante e sa ap fè katye kote l rete a vin pi bèl.

Lè nou pwòp, sa onore Bondye n ap sèvi a

Lè nou pwòp e nou abiye yon fason ki montre nou gen diyite, sa montre ki kalite adorasyon n ap bay Bondye, e souvan lòt moun remake sa. Te gen yon gwoup Temwen Jewova ki te gen anviwon 15 jèn frè ak sè ladan l ki te antre nan yon restoran apre yo te fin asiste yon kongrè nan yon vil nan peyi Lafrans ki rele Toulouz. Bò kote yo a, sou yon lòt tab, te gen yon koup aje ki te panse gwoup la t apral kòmanse pale fò e li t apral fawouche moun. Men, koup sa a te enpresyone lè yo te wè fason jèn frè ak sè sa yo te byen abiye, jan yo te gen bon konduit e lè yo te wè fason enteresan yo t ap konvèse youn ak lòt. Lè frè ak sè yo t ap kite restoran an, koup la te felisite yo pou bon konduit yo e li te di youn nan jèn frè yo se yon bagay ki ra pou moun wè jèn ki gen bon konduit konsa nan epòk nou an.

Souvan, moun k ap vizite biwo filyal yo, k ap vizite zòn kote moun k ap viv nan filyal yo abite yo e k ap vizite enprimri Temwen Jewova yo enpresyone lè yo wè jan kote sa yo pwòp. Volontè k ap viv e k ap travay nan kote sa yo dwe kenbe rad yo pwòp, yo dwe lave men yo regilyèman e yo dwe benyen regilyèman. Deyodoran ak pafen pa ka ranplase benyen nan kesyon pwòpte kò. Lè volontè sa yo ki sèvitè aplentan al preche pwochen yo leswa oubyen nan fen semèn yo, lefètke yo toujou pwòp, mesaj y ap preche a vin pi atiran.

“ Fè tankou Bondye ”

Bib la ankouraje kretyen yo pou yo “ fè tankou Bondye ”. (Efezyen 5:1.) Pwofèt Izayi te ekri yon vizyon kote gen kèk zanj ki t ap pale de Kreyatè a e yo t ap di : “ Sen, sen, sen. ” ​(Izayi [Ezayi] 6:3, NW). Fason sa a yo dekri Bondye a montre nan ki pwen li sen e li pwòp nan yon degre estrawòdinè. Lefètke li sen nan degre sa a, li atann pou tout sèvitè l yo sen, pou yo pwòp. Men sa li di yo : “ Se pou nou sen, paske mwen menm, mwen sen ! ” — 1 Pyè 1:16, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

Bib la ankouraje kretyen yo pou yo “ abiye yon jan ki kòrèk ”. (1 Timote 2:9.) Nan liv Revelasyon an, yo pale de yon “ twal fen, byen klere, byen pwòp ” sèvitè Bondye yo abiye avè l ki reprezante aksyon ki jis moun Bondye konsidere kòm sen yo fè (Revelasyon 19:8). Yon lòt bò, souvan, nan Ekriti yo, yo itilize tach oswa salte pou yo reprezante peche. — Pwovèb 15:26 ; Izayi 1:16 ; Jak 1:27.

Jodi a, gen plizyè milyon moun k ap viv kote li difisil pou yo rete pwòp fizikman, moralman ak espirityèlman. Y ap jwenn yon solisyon final pou pwoblèm sa a lè Bondye “ fè tout bagay vin nèf ”. (Revelasyon 21:5.) Lè pwomès sa a reyalize, tout kalite salte pral disparèt nèt pou toutan.

[Nòt anba paj]

a Yo chanje non moun nan.

[Kare nan paj 24]

Bondye egzije pwòpte

Pandan Izrayelit yo te nan dezè a, yo te resevwa lòd klè sou prekosyon yo te dwe pran ak matyè fekal moun (Detewonòm 23:12-14). Sa dwe te fatigan pou yo lè nou konsidere gwosè kan an, men, se sèten sa te anpeche yo pran yon seri maladi tankou tifoyid ak kolera.

Pèp la te jwenn lòd pou yo lave oswa pou yo detwi nenpòt sa yo te genyen ki touche yon kadav. Byenke yo gendwa pa t konnen poukisa yo te jwenn lòd sa a, sa te anpeche yo pran yon seri maladi ki trapan. — Levitik 11:32-38.

Prèt yo te dwe lave men yo ak pye yo anvan yo rantre nan tabènak la pou yo fè travay yo. Se sa k fè yo te dwe ranpli basen an kuiv la ak dlo. Se sèten sa pa t fasil, men, se te yon kòmandman ki te strik. — Egzòd 30:17-21.

[Kare nan paj 25]

Konsèy yon doktè bay

Dlo enpòtan pou lavi. Men, dlo ki kontamine ka lakòz moun pran maladi oswa yo mouri. Men kèk bon konsèy yon doktè ki rele Mbangue Lobe te bay nan yon entèvyou yo te fè avè l. Doktè sa a se responsab depatman medikal nan pò Dwala, nan peyi Kamewoun.

Men sa li di : “ Lè nou gen dout sou dlo nou gen entansyon bwè, bouyi l. ” Men, li te bay avètisman sa a : “ Pa gen pwoblèm pou yon moun itilize klowòx ak lòt pwodui chimik, sepandan ni klowòx, ni lòt pwodui chimik yo kapab reprezante yon danje pou sante nou si nou mal sèvi ak yo oswa nou mal konsève yo. Se pou nou toujou lave men nou ak savon ak dlo anvan nou manje e lè nou sot nan twalèt. Savon pa koute chè. Menm moun ki pòv ka achte savon. Lave rad nou souvan, men fè sa nan dlo cho si nou gen pwoblèm po oswa maladi. ”

Li di tou se “ tout moun nan fanmi an ki bezwen fè sa yo kapab pou yo kenbe kay la pwòp ni anndan ni deyò. Souvan, moun neglije netwaye latrin yo, e lè yo aji konsa, kote sa yo tounen yon paradi pou ravèt ak mouch. ” Men sa li te di ankò ki trèzenpòtan sitou pou timoun yo : “ Pinga yo benyen nan ti dlo k ap koule bò lakay yo. Yo chaje mikwòb ki danjere. L ap bon pou yo benyen chak swa lakay yo anvan y al dòmi, pou yo byen bwose dan yo e pou yo dòmi anba yon moustikè. ” Apre tout konsèy sa yo, sa ki pi enpòtan, se pou nou prevwayan epi fè sa nou dwe fè pou nou ka evite gen pwoblèm.

[Foto nan paj 24]

Lè yon moun lave rad li, sa ap anpeche l gen pwoblèm po ak maladi.

[Foto nan paj 24]

Kretyen yo pran inisyativ pou yo netwaye toutotou lakay yo.

[Foto nan paj 24]

Yon manman ki renmen fanmi l kapab fè anpil pou yo toujou pwòp.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje