Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye desanm
“ Èske w pa remake tout moun pa gen menm prensip nan domèn pwòpte ? [Kite moun nan reponn.] Nan vèsè sa a nou jwenn yon rezon ki fè pwòpte se yon bagay ki enpòtan. [Li 1 Pyè 1:16.] Atik sa a bay kèk konsèy pratik sou sa nou ka fè pou nou toujou pwòp. ” Atire atansyon moun nan sou atik ki kòmanse nan paj 9 la.
Réveillez-vous! Desanm
“ Nan epòk sa a nan ane a, anpil moun ap fè efò pou yo onore Jezi. Selon vèsè sa a, ki pi bon fason w panse nou ka onore Jezi ? [Li Jan 14:15. Apre sa, kite moun nan reponn.] Pèsòn pa konnen dat egzak Jezi te fèt, e petèt ou ka sezi aprann rezon k fè yo adopte dat 25 desanm nan kòm dat pou yo fete Nwèl. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.
Toudegad Janvye-Mas
“ Tout moun sou latè pa wè Mari, manman Jezi, menm jan. Ki sa w panse de li ? [Kite moun nan reponn.] Bib la montre Mari te jwe yon wòl ki san parèy nan listwa. [Li Lik 1:30-32.] Peryodik sa a esplike sa nou ka aprann nan egzanp li. ”
Réveillez-vous! Janvye
“ Gen anpil lak ak anpil rivyè nan monn nan k ap seche, e gen anpil moun ki pa rive jwenn dlo pwòp pou yo bwè. Èske w panse lèzòm ka jwenn yon solisyon definitif pou pwoblèm sa a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Jeremi 10:23.] Peryodik sa a esplike ki solisyon definitif ki gen pou pwoblèm sa a, e nou jwenn solisyon sa a nan Bib la. ”