LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Eseye wè tout imaj la
Lè w ap li istwa ki nan Bib la, eseye wè tout imaj la. Egzamine kontèks la, moun ki nan istwa a ak rezon ki fè yo aji jan yo te aji a. Imajine sèn nan, tande son yo, pran sant yo epi viv santiman moun yo genyen yo.
GADE VIDEYO AMELYORE FASON W LI LABIB — YON PATI NAN VIDEYO A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki sa petèt ki te fè gen pwoblèm ant Jozèf ak frè l yo?
Ki sa k te ka fè frè Jozèf yo te aji sou emosyon e yo pa t reflechi ak konsekans aksyon yo?
Ki sa nou ka aprann nan Bib la sou Jakòb, papa Jozèf?
Ki bèl leson Jakòb te bay pitit gason l yo sou fason pou yo rezoud pwoblèm?
Ki sa w aprann nan videyo sa a?