TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 44-45
Jozèf padone frè l yo
Sa ka vrèman difisil pou n padone, sitou lè yon moun fè espre li fè nou soufri. Ki sa k te ede Jozèf padone frè l yo, alòske yo te vrèman maltrete l?
Jozèf pa t chèche tire revanj, men l te chèche yon baz pou l padone. — Sm 86:5; Lk 17:3, 4
Li pa t kenbe yo sou kè, men l te imite Jewova ki padone ak tout kè l. — Mi 7:18, 19
Ki jan m ka imite Jewova nan kesyon padone a?