BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb20 jiyè p. 7
  • Jewova pwoteje pèp li a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova pwoteje pèp li a
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Ki kote n ye nan pwojè Warwick la?
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Kèk pwen enteresan nan ane ki sot pase a
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Èske w wè “Sila a ki envizib la”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
mwb20 jiyè p. 7

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jewova pwoteje pèp li a

Yon papa ak pitit ki Izraelit k ap pase san sou ankadreman pòt kay yo.

Premye fèt Pak la te yon evènman ki enpòtan anpil. Nan nuit sa a, apre Farawon te fin rann li kont premye pitit li a te mouri, li te di Moyiz: “Al fè wout nou, soti nan mitan pèp mwen an, ni nou menm, ni lòt Izrayelit yo. Al sèvi Jewova, jan nou te mande sa a.” ​(Eg 12:31). Jewova te montre l ap pwoteje pèp li a.

Lè nou fè yon ti koudèy sou istwa pèp Jewova a nan epòk nou an, gen prèv klè ki montre Jewova kontinye ap gide l e l ap pwoteje l. Nou kapab wè sa nan yon mize ki nan syèj mondyal la ki gen tit: “Yon pèp pou non Jewova”.

GADE VIDEYO KI GEN TIT MIZE KI WÒWIK YO: “YON PÈP POU NON JEWOVA”, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon postè ak kèk sekans ki soti nan ‘Foto dram kreyasyon an’.

    Ki zouti ki potko janm egziste Etidyan Labib yo te kòmanse itilize nan ane 1914 pou fòtifye lafwa moun nan Bib la, e ki bon rezilta sa te bay?

  • Foto frè yo te arete epi yo te mete nan prizon nan ane 1918.

    Ki eprèv yo te vin jwenn nan ane 1916 ak 1918, e ki jan sa te pwouve se Jewova ki t ap dirije òganizasyon an?

  • Yon mize ki montre anpil moun yo te met nan prizon poutèt lafwa yo. Pòt ki ouvè sou yon chanm ki gen desen sou Paradi a.

    Ki jan pèp Jewova a te kontinye rete fidèl menm lè yo te jwenn opozisyon?

  • Yon mize ki montre ki metòd kèk frè ak sè yo te konn itilize pou yo preche nan ane 1930 ak 1940 yo.

    Ki sa pèp Jewova a te vin konprann nan ane 1935, e ki efè sa te gen sou yo?

  • Pandan w t ap gade videyo a, ki sa w te wè ki ba w plis konviksyon se Jewova k ap gide pèp li a e k ap pwoteje l?

Pou w konn ki jan pou w vizite mize sa a, al sou jw.org® epi klike sou seksyon Enfòmasyon sou nou, apre sa klike sou Vizite biwo nou yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje