Wòwik, Nouyòk: Syèj mondyal
Kèk pwen enteresan nan ane ki sot pase a
PANDAN monn Satan an ap jwenn pwoblèm youn apre lòt, vrè adoratè Jewova yo menm kontinye “gen anpil bagay pou [yo] fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Rapò ki vin annapre yo montre jan Temwen Jewova yo toupatou sou tè a fè tout sa yo kapab pou yo ‘mete konfyans yo nan Jewova, yo fè sa ki bon epi yo aji avèk fidelite’. — Sòm 37:3.
Yo deplase syèj mondyal la ak biwo filyal la
Agrandisman lokal Wòlkil la, nan Nouyòk, te fini nan dat 1ye fevriye 2016, sa ki te pèmèt yo transfere Komite filyal Etazini an, Depatman Sèvis la ak kèk lòt depatman al nan lokal sa a. E kòm travay ki t ap fèt Wòwik yo te prèske fini, fanmi Betèl Bwouklin nan te kòmanse bwote kite vil Nouyòk pou y ale nan zòn andeyò kote nouvo bilding syèj mondyal la ye a, e se yon gwo travay sa te ye.
Moun ap ka kòmanse vizite syèj mondyal la nan Wòwik apati lendi 3 avril 2017. Nan vizit sa a, gen twa ekspozisyon w ap ka suiv poukont ou e gen yon vizit yon moun ap fè pou ou.
“Bib la ak non Bondye.” Ekspozisyon sa a prezante yon seri tradiksyon Labib ki ra e li montre non Bondye gen plas li nan Ekriti yo.
“Yon pèp pou non Jewova.” Ekspozisyon sa a prezante yon seri bagay ki gen rapò ak istwa pèp Jewova a, e li montre fason Jewova te gide pèp li a tikras pa tikras, fason l te anseye yo epi òganize yo pou yo fè volonte l.
“Syèj mondyal: Lafwa ann aksyon.” Nan ekspozisyon sa a, se ou menm k ap kapab jwe videyo yo ki esplike travay divès komite ki nan Kolèj santral la ap fè pou yo ede pèp Bondye a reyini ansanm, fè disip, manje manje espirityèl e demontre lanmou youn pou lòt.
Ekspozisyon sa yo ap disponib soti lendi pou rive vandredi ant 8 è nan maten a 4 è nan aprèmidi. Moun k ap vizite yo ap gen posiblite pou yon moun fè yo vizite kèk nan bilding kote ki gen biwo ak kèk sèvis ansanm ak lakou Betèl la. Vizit sa a ap dire 20 minit, e ap gen vizit lendi pou rive vandredi soti 8 è nan maten rive 11 è nan maten e soti 1 è nan aprèmidi rive 4 è nan aprèmidi.
Anvan nou fè aranjman pou n vizite, tanpri ale sou jw.org epi gade anba seksyon ENFÒMASYON SOU NOU > VIZITE BIWO NOU YO > Etazini.