“Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa.” — 2Ko 5:14
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Èske w pral sèvi kòm pyonye oksilyè pandan mwa mas ak avril?
Èske w ta renmen fè plis nan sèvis Jewova a pandan epòk Memoryal la (2Ko 5:14, 15)? Pandan mwa mas ak avril, pyonye oksilyè yo ka chwazi bay 30 èdtan oswa 50 èdtan. Si w anmezi pou w patisipe nan aktivite espesyal sa a, ou ka ranpli yon fòmilè pou w bay komite sèvis kongregasyon an. Chak mwa, y ap fè kongregasyon an konnen moun ki apwouve pou sèvi kòm pyonye oksilyè yo. Konsa, lòt moun nan kongregasyon an ka soutni pyonye yo nan travay predikasyon an. Nou swete pou nou tout byen pwofite opòtinite nou jwenn pandan epòk Memoryal la pou nou vin pi maton nan travay predikasyon an e pou youn ankouraje lòt! — 1Te 5:11.