BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 septanm p. 3-16
  • Sèvi ak Viv ak kè kontan pou toutan! an pandan w ap preche

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvi ak Viv ak kè kontan pou toutan! an pandan w ap preche
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou w sèvi ak Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou w kondui etid Labib
    Renmen moun, epi fè disip
  • Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 septanm p. 3-16
Yon mari ak madanm li k ap sèvi ak bwochi “Viv ak kè kontan pou toutan! an” pou pale ak yon mesye nan yon stasyon bis.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Sèvi ak Viv ak kè kontan pou toutan! an pandan w ap preche

Se pa ti kontan nou kontan pou n gen yon nouvo bwochi ak yon nouvo liv pou nou fè etid Labib! Nou priye Jewova pou l beni efò n ap fè pou nou jwenn plis disip toujou (Mt 28:18-20; 1Ko 3:6-9). Ki jan nou ka sèvi ak nouvo zouti sa yo?

Avèk Viv ak kè kontan pou toutan! an, nou vin gen yon nouvo fason pou n anseye, ki pèmèt etidyan yo patisipe plis nan etid la toutpandan n ap suiv enstriksyon pi ba yo sou fason pou n prepare e kondui etid Labib yo.a

  • Li enfòmasyon yo, e pale sou kesyon yo

  • Li vèse yo make “li” devan yo, epi ede etidyan an konprann fason pou l aplike yo

  • Pase videyo yo e pale sou yo, lè nou sèvi ak kesyon yo bay yo

  • Eseye fè yon leson nan chak etid

Nan predikasyon, ofri bwochi a an premye pou wè si moun nan enterese. (Gade kare “Fason pou nou ofri bwochi Viv ak kè kontan pou toutan! an nan premye rankont lan.”) Si nou fin etidye bwochi a avèk etidyan an e l vle kontinye, ofri liv la e kòmanse nan leson 4 la. Si w deja ap etidye avèk yon moun nan liv Anseye a oswa liv Rete nan Lanmou Bondye a, travèse avèk li nan liv Viv ak kè kontan pou toutan! an, e gade ki kote nou ka kòmanse.

Menm koup sa a k ap sèvi ak liv “Viv ak kè kontan pou toutan! an” pou fè yon etid Labib ak mesye a lakay li.

GADE VIDEYO KI GEN TIT FASON W KA BYEN PWOFITE ETID LABIB OU A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki sa etidyan yo pral aprann nan nouvo liv la?

  • Poukisa w ta dwe montre nouvo etidyan yo videyo sa a?

  • Tikras pa tikras, ki objektif ou ta dwe ankouraje etidyan yo pou yo fikse epi atenn? — Gade tablo “Ide kle ak sa w ka fè pou chak seksyon.”

a NÒT: Byenke seksyon “Aprann plis” la pa obligatwa pandan etid la, pran tan pou nou li e gade chak enfòmasyon pandan n ap prepare. Konsa, w ap vin konnen sa k ta ka plis enterese etidyan w lan epi w ap ka ede l. Vèsyon elektwonik la gen lyen ki mennen nan videyo ak lòt enfòmasyon anplis.

IDE KLE AK SA W KA FÈ POU CHAK SEKSYON

 

LESON

IDE KLE

SA W KA FÈ

1

1-12

Egzamine fason Bib la ka ede w ak fason w ka rive konnen moun ki te fè ekri l la

Ankouraje etidyan an pou l li Bib la, prepare etid la epi kòmanse asiste reyinyon yo

2

13-33

Gade sa Bondye fè pou nou ak kalite adorasyon ki fè l plezi

Motive etidyan an pou l pataje laverite ak lòt moun e pou l vin yon pwoklamatè

3

34-47

Egzamine sa Bondye vle adoratè l yo fè

Motive etidyan an pou l vwe lavi l bay Jewova e pou l batize

4

48-60

Aprann fason pou n rete nan lanmou Bondye

Anseye etidyan an fason pou l distenge sa ki byen ak sa ki mal e pou l vin pi pwòch ak Bondye

FASON POU NOU OFRI BWOCHI VIV AK KÈ KONTAN POU TOUTAN! AN NAN PREMYE RANKONT LAN

Menm jan ak feyè nou yo, nan do bwochi a gen yon kesyon ki kapte atansyon moun. Eseye metòd sa a:

  • Poze kesyon ki gen plizyè repons lan

  • Li repons Bib la bay la nan Sòm 37:29

  • Pale sou pwen “Byenfè sa ka pote pou ou” a, si gen tan pou sa li vèsè yo epi pale sou foto a

  • Di moun nan n ap vin reponn kesyon ki anba paj la e kòmanse konvèsasyon an nan premye leson an

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje