BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 septanm p. 11
  • Aksepte èd nan men kwayan parèy ou yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aksepte èd nan men kwayan parèy ou yo
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Poze kesyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Touche kè yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Ede etidyan Labib yo kite abitid ki pa pwòp
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Aksepte èd Jewova bay pa mwayen lapriyè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 septanm p. 11

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN | CHÈCHE GEN PLIS KÈ KONTAN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Aksepte èd nan men kwayan parèy ou yo

Pou Jewova ede nou, li ban nou “tout frè [ak sè] nou yo nan monn nan” ​(1P 5:9). Yo ka ede nou fè fas ak difikilte nou rankontre nan travay predikasyon an avèk siksè. Pa egzanp, apot Pòl te jwenn èd nan men Akila ak Prisil, Silas, Timote ak lòt moun ankò. — Tr 18:1-5.

Ki jan kwayan parèy nou yo ka ede nou nan travay predikasyon an? Yo ka ban nou kèk sijesyon pratik sou fason pou n fè fas ak objeksyon yo, pou n fè nouvèl vizit, pou n ofri epi kondui etid biblik. Panse ak yon moun nan kongregasyon w lan ki ta ka ba ou èd ou bezwen an, epi mande l pou l ede w. Sandout nou toule de ap jwenn byenfè e w ap kontribye pou youn lòt gen kè kontan. — Fp 1:25.

GADE VIDEYO KI GEN TIT CHÈCHE JWENN KÈ KONTAN NAN TRAVAY FÈ DISIP LA — AKSEPTE ÈD JEWOVA — FRÈ AK SÈ NOU YO, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo “Chèche jwenn kè kontan nan travay fè disip la — Aksepte èd Jewova — Frè ak sè nou yo.” Nita, ki avèk yon lòt sè, ap etidye Labib ak Jad.

    Ki jan Nita te eseye ankouraje Jad pou l asiste yon reyinyon ak kongregasyon an?

  • Yon sèn nan videyo “Chèche jwenn kè kontan nan travay fè disip la — Aksepte èd Jewova — Frè ak sè nou yo.” Abigay, ki akonpaye Nita, di Jad li te nan yon gwoup mizik.

    Poukisa n ta dwe envite lòt pwoklamatè akonpaye n nan yon etid biblik?

  • Yon sèn nan videyo “Chèche jwenn kè kontan nan travay fè disip la — Aksepte èd Jewova — Frè ak sè nou yo.” Abigay ap etidye Labib ak Jad pandan Nita pa t la.

    Se tout yon kongregasyon ki ede yon moun vin disip

    Nan ki bagay ni Jad ni Abigay te enterese?

  • Ki teknik pou anseye kwayan parèy nou yo ka aprann nou?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje