TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
Pwoteje eritaj ou a ki gen anpil valè
Kalèb te pwoteje eritaj li a lè l te mete yon seri ènmi pisan deyò (Joz 15:14; it-1-F 1101 § 2)
Se pa tout Izrayelit yo ki te pwoteje eritaj yo a kont move enfliyans (Joz 16:10; it-1-F 1097)
Jewova te ede moun ki te vrèman vle pwoteje eritaj yo a (Dt 20:1-4; Joz 17:17, 18; it-1-F 390 § 4)
Jewova ofri tout kretyen lavi etènèl kòm yon eritaj ki gen anpil valè. Pou nou pwoteje eritaj nou an, nou dwe fòtifye tèt nou kont tantasyon pa mwayen etid Labib, reyinyon nou yo, travay predikasyon an ak lapriyè.
MANDE TÈT OU: ‘Èske m ap pwoteje eritaj mwen an?’