Jakòb k ap bay pwofesi pou pitit li yo
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
Fason Jewova te separe peyi a avèk sajès
Jewova te fè yo fè tiraj osò, petèt pou l te ka montre ki kote tèritwa chak tribi rive (Joz 18:10; it-1-F 933 § 5)
Jewova te veye pou pwofesi Jakòb te bay anvan l mouri a reyalize (Joz 19:1; it-1-F 1107 § 6)
Jewova te pèmèt pèp la detèmine limit tèritwa chak tribi (Joz 19:9; it-1-F 933 § 6)
Yo te separe tèritwa peyi a yon fason pou evite jalouzi ak litij nan mitan tribi yo. Ki asirans sa ban nou konsènan fason Jewova pral jere bagay yo nan monn nouvo a?