LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Kreyasyon an ranfòse konfyans nou nan sajès Jewova
Èske Jewova toujou konnen sa k pi bon pou nou? Pa gen dout nan sa! Lefètke nou kwè sa, nou montre nou gen sajès lè nou suiv direksyon l bay (Pw 16:3, 9). Sepandan, konfyans nou nan direksyon Jewova bay kapab pase aleprèv lè nou pa wè bagay yo menm jan avè l. Nou ka ranfòse konfyans nou nan sajès Jewova lè nou medite sou bèl bagay li kreye yo. — Pw 30:24, 25; Wm 1:20.
GADE VIDEYO KI GEN TIT KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI? KI JAN FOUMI YO SIKILE SAN YO PA FRAPE YOUN AK LÒT?, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki aktivite foumi yo fè chak jou?
Ki fason foumi yo evite blokis?
Ki prensip lèzòm ka imite nan fason foumi yo deplase?
GADE VIDEYO KI GEN TIT KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI? FASON MYÈL YO RELE FO BOUDON AN VOLE AVÈK ANPIL PRESIZYON, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki difikilte lèzòm jwenn lè y ap fè yon seri aparèy ki toupiti vole?
Ki fason myèl yo rete stab lè y ap vole?
Ki fason lèzòm ka vin benefisye sajès myèl yo fèt avè l la?
Kote w ap viv la, ki fason w wè sajès Jewova parèt nan sa l kreye yo?