BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb23 mas p. 3
  • Fason nou ka ede apre yon katastwòf

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason nou ka ede apre yon katastwòf
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sou menm sijè a
  • Èske Temwen Jewova yo ede moun lè gen katastwòf natirèl?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Travay pote sekou a
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Ki jan nou ka pote èd pa nou ?
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
mwb23 mas p. 3

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason nou ka ede apre yon katastwòf

Jodi a, katastwòf natirèl yo rive pi souvan pase anvan. Lè yon katastwòf natirèl frape, efò y ap fè pou yo bay sekou yo dwe byen òganize e kowòdone yon fason ki efikas. Nan objektif sa a, kolèj santral la pran dispozisyon pou mete yon depatman k ap òganize sekou nan chak filyal.

Lè frè ki nan depatman sa a aprann gen yon katastwòf ki pase, byen vit, yo kontakte ansyen ki nan zòn sa a pou yo konnen ki sa pwoklamatè yo ap bezwen. Si domaj yo plis pase sa frè lokal yo kapab fè yo menm, filyal la ap asiyen frè ki kalifye pou pran latèt nan travay sekou a. Frè sa yo ka mande pou yo jwenn volontè oswa ofrann pou kèk bagay byen presi, oswa yo ka achte epi distribye sa moun yo ap bezwen nan zòn nan.

Gen anpil avantaj lè yo jere sitiyasyon yo fason sa a. Sa evite moun fè efò pou granmesi, konfizyon ak gaspiyaj lajan ak materyèl, sa ki ka rive lè yon seri frè pran inisyativ poukont yo.

Frè yo filyal la bay asiyasyon sa a ka detèmine ki kantite lajan ak ki kantite volontè yo pral bezwen pou travay sekou a. Epitou, yo ka kontakte otorite lokal yo, byen souvan, yo konn ede n akselere travay sekou yo. Kidonk, pèsonn pa ta dwe pran inisyativ kolekte lajan, voye èd pou sekou oswa vwayaje al nan zòn ki afekte a, amwenske yo ta mande yo fè sa.

Toutfwa, lè yon katastwòf frape, nou vle ede (Eb 13:16). Nou renmen frè nou yo! Ki sa nou ka fè? Sa k pi enpòtan an, nou ka priye pou moun ki viktim yo ak sila yo k ap pote sekou yo. Epitou, nou ka fè ofrann pa mwayen travay mondyal la. Anba direksyon kolèj santral la, biwo filyal yo nan pi bon pozisyon pou detèmine ki kote lajan sa yo ap pi byen sèvi. Epi, si nou ta renmen ede pèsonèlman, nou ka fè konnen nou disponib lè nou ranpli Aplikasyon pou moun ki ta renmen sèvi kòm volontè pou plan ak konstriksyon lokal (DC-50).

GADE VIDEYO KI GEN TIT GWO INONDASYON NAN PEYI BREZIL, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE A:

Yon sèn nan videyo “Gwo inondasyon nan peyi Brezil.” Yon imaj lè yon moun ap gade pa anlè, kay ak pye bwa ki kouvri ak dlo nan yon pati nan yon zòn ki inonde.

Ki sa ki te enpresyone w anrapò ak travay sekou Temwen Jewova yo te fè apre inondasyon ki te fèt nan peyi Brezil nan ane 2020 an?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje