BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/05 p. 7
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Fason nou ka ede apre yon katastwòf
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Ki jan nou ka pote èd pa nou ?
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Ki sa yo fè nan biwo filyal la?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Nou soutni aktivite Wayòm nan nan tèritwa pa nou e nan lemonnantye
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 1/05 p. 7

Repons kesyon w yo

◼ Ki pi bon fason pou nou fè kontribisyon pou ede frè nou yo ki nan bezwen nan lòt peyi ?

Pafwa nou konn tande pale de frè ki nan lòt peyi ki nan bezwen akoz pèsekisyon, dezas oswa lòt sitiyasyon difisil. Gen kèk frè ki konn santi yo pouse pou yo voye kòb dirèkteman nan filyal ki nan peyi sa yo. Yo konn mande pou yo ede yon moun, yon kongregasyon oswa yon pwojè konstriksyon an patikilye ak kòb sa a. — 2 Kor. 8:1-4.

Byenke jan de sousi konsa ki montre nou gen lanmou pou kwayan parèy nou se yon bagay ki merite felisitasyon, souvan gen bezwen ki pi ijan pase sa ki nan lespri moun k ap bay kontribisyon an. Nan kèk ka, bezwen yo vize a konn deja konble. Natirèlman, lè nou voye kontribisyon nou yo nan filyal la pou travay mondyal la, pou Fon pou Sal Wayòm, oswa èd pou moun ki sinistre, nou mèt asire nou y ap sèvi ak kòb sa yo jan moun ki bay kontribisyon an mande l la.

Frè nan tout filyal resevwa bonjan fòmasyon pou yo fè fas rapidman ak ka yo pa t prevwa. Nan tout ka yo, filyal la toujou enfòme Kolèj santral la sou pwoblèm ki genyen an. Si yo bezwen plis èd, Kolèj santral la kapab mande filyal ki toupre yo pou yo pote èd yo oswa syèj mondyal la kapab voye fon ki nesesè yo dirèkteman. — 2 Kor. 8:14, 15.

Pakonsekan, tout kontribisyon n ap bay pou travay mondyal la, pwojè konstriksyon nan lòt peyi, oswa èd pou moun ki sinistre dwe ale nan biwo filyal ki nan peyi kote n ap viv la, swa pa mwayen kongregasyon an, swa dirèkteman. Konsa, grasa dispozisyon Kolèj santral la pran nan domèn òganizasyon, “ esklav fidèl ki prevwayan an ” fè fas ak bezwen frè yo nan lemonnantye yon fason ki òdone. — Mat. 24:45-47 ; 1 Kor. 14:33, 40.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje