BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb23 me p. 5
  • Èske w prepare pou yon kriz ekonomik?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w prepare pou yon kriz ekonomik?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sou menm sijè a
  • Èske w pare?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Ann rete pare pandan dènye pati “dènye jou yo”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Èske w pare pou w fè fas ak latwoublay kote w ap viv la?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
mwb23 me p. 5

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Èske w prepare pou yon kriz ekonomik?

Nou pa sezi lefètke evènman k ap pase nan monn nan vin kreye yon enstabilite ekonomik nan nivo entènasyonal. Poukisa? Paske n ap viv nan dènye pati dènye jou yo e Bib la avèti nou pou n pa met espwa nou nan “richès ki pa sèten”. (1Ti 6:17; 2Ti 3:1.) Ki sa egzanp wa Jozafa a ka aprann nou anrapò ak prepare nou pou yon kriz ekonomik?

Lè nasyon ènmi yo te menase Jozafa, li te met konfyans li nan Jewova (2Kw 20:9-12). Epitou, li te fè kèk bagay pratik pou prepare nasyon an alavans lè l te ranfòse vil yo e l te mete plizyè gwoup sòlda (2Kw 17:1, 2, 12, 13). Menm jan ak Jozafa, nou fè byen lè nou mete konfyans nou nan Jewova e fè kèk bagay pratik pou n fè fas ak moman difisil yo.

KI SA NOU KA FÈ POU N PREPARE N POU YON KRIZ EKONOMIK?

Preparasyon espirityèl: Se pou n aprann kontante nou epi ranfòse konfyans nou nan kapasite Jewova genyen pou l ban nou sa nou bezwen chak jou (Mt 6:26; 1Ti 6:8). Se pou n pran rezolisyon pou n pa janm fè konpwomi ak prensip ki nan Bib la pou n satisfè bezwen sa yo (Wm 2:21). Egzamine fason nou kapab jwenn manje espirityèl la si kouran oswa entènèt nou ta koupe. Mete kèk piblikasyon enprime sou lamen, e si posib, telechaje piblikasyon elektwonik yo alavans.

Preparasyon nan domèn materyèl: Redui dèt ak depans ki pa nesesè anvan pwoblèm ekonomik yo rive (Pw 22:7). Si sa posib, stoke yon kantite manje rezonab ak lòt bagay ki nesesè. Gen kèk moun ki ka egzamine posiblite pou yo fè yon ti jaden legim epi pran swen l yon fason pou yo ka fè ekonomi.

GADE VIDEYO KI GEN TIT ÈSKE W PARE POU YON KATASTWÒF?, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

Yon sèn nan videyo “Èske w pare pou yon katastwòf?” Yon imaj ki montre yon Bib, yon sak sekou ak yon telefòn, ansanm ak moun ki travay nan konstriksyon.
  • Ki sa nou ka fè pèsonèlman pou n prepare nou pou yon katastwòf?

Yon sèn nan videyo “Èske w pare pou yon katastwòf?” Frè k ap ede nan travay sekou pandan y ap fè konstriksyon epi y ap debake yon kamyon materyo.
  • Ki jan nou ka prepare nou pou nou ede lòt moun?

Objektif

Pandan adorasyon an fanmi an, egzamine Reveye n! No 1 2022 a ankò. Pale sou kèk bagay anplis nou ta ka fè pou nou prepare nou pou yon katastwòf.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje