BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 2 p. 10-12
  • Ki jan w ka viv nan yon monn tounèf?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan w ka viv nan yon monn tounèf?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “APRANN KONNEN BONDYE” POU NOU KA CHAPE LÈ LAFEN AN
  • LI LABIB, PAWÒL BONDYE A, CHAK JOU
  • PRIYE BONDYE POU L EDE W
  • Ki sa Bondye te fè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Monn nouvo pezib Bondye a: ou ka viv ladan l!
    Koute gran Anseyan an
  • Poukisa Jezi te soufri e li te mouri?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Ou kapab viv pou toutan sou tè a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 2 p. 10-12

Ki jan w ka viv nan yon monn tounèf?

Nan atik anvan yo nou te aprann Bondye pral fini ak vye monn mechan sa a, ansanm ak tout pwoblèm li yo. Nou ka sèten sa ap fèt vre. Poukisa? Paske Pawòl Bondye a, Labib, fè pwomès sa a:

“Se pase monn nan ap pase.” — 1 JAN 2:17.

Nou ka gen asirans gen moun k ap chape lè sa a piske vèsè pi wo a fè pwomès sa a tou:

“Moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.”

Se sa k fè, si nou vle sove, nou dwe fè volonte Bondye. Pou nou konnen sa ki volonte Bondye, toudabò nou dwe aprann konnen l.

“APRANN KONNEN BONDYE” POU NOU KA CHAPE LÈ LAFEN AN

Foto ki ansanm: 1. Yon enfimyè ki chita atè nan yon lopital, li fatige e li about. 2. Li pran yon poz nan kafeterya a, e li remake yon kòlèg travay li ki byen kontan k ap li yon peryodik. 3. Kòlèg travay li a li yon vèsè pou li e li ba li yon kat jw.org.

Men sa Jezi te di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a.” (Jan 17:3). Pou n chape lè lafen an, e pou n viv pou toutan nou bezwen ‘aprann konnen Bondye’. Sa vle di plis pase jis kwè Bondye egziste oswa konnen kèk enfòmasyon sou li. Nou bezwen vin zanmi l. Si nou vle yon amitye vin solid, nou bezwen pase tan ak zanmi nou yo. Se menm bagay la tou si nou vle vin zanmi Bondye. Ann egzamine kèk verite enpòtan nou aprann nan Bib la ki ka ede nou devlope epi kenbe amitye sa a ak Bondye.

Verite nou aprann nan Bib la

Enfimyè a k ap gade sit jw.org la pandan l lakay li.

Nou aprann Bondye te vle pou nou viv nan yon paradi.

Li te kreye premye moun yo, Adan ak Èv, e li te mete yo yon bèl kote yo te rele Jaden Edenn. Yo te pafè, e Bondye te ba yo tout sa yo te bezwen pou yo te viv ak kè kontan. Yo te ka viv pou toutan. Toutotan yo te rete zanmi Bondye yo pa t ap janm mouri. Men yo te chwazi dezobeyi yon kòmandman tou senp Bondye te ba yo.

Nou aprann rezon ki fè n ap soufri jodi a.

Lefètke Adan premye gason an te dezobeyi Bondye, li te pèdi opòtinite pou li menm e pou tout limanite viv pou toutan. Men sa Bib la esplike: “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun.” (Women 5:12). Menm jan yon moun ka eritye defo paran l, tout pitit Adan yo eritye enpèfeksyon nan men l. Kòm rezilta, nou vin granmoun e nou mouri.

Nou aprann sa Bondye deja fè pou l ede nou.

Men sa Bib la di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16). Bondye te voye Jezi sou tè a pou l bay lavi l pou nou. Konsènan aksyon lanmou sa a, men sa yon Endyen ki gen 86 an ki rele Prabhakar fè konnen: “Sa montre gwo lanmou Jewovaa gen pou mwen. Lanmou l ban m espwa pou m viv pou toutan.”

Nou aprann fason nou ka montre apresyasyon pou sa Bondye fè pou nou.

Bib la di nou ka montre nou apresye sa Bondye fè pou nou lè nou “obeyi kòmandman l yo”. (1 Jan 2:3.) Avèk lanmou Jewova montre nou ki sa nou ka fè depi kounye a pou nou byen pwofite lavi nou (Ezayi 48:17, 18, nòt). Bondye pa vle nou soufri. Li pwomèt nou si nou suiv enstriksyon l yo, nonsèlman n ap byen pwofite lavi nou kounye a, men tou n ap gen opòtinite pou n viv pou toutan.

LI LABIB, PAWÒL BONDYE A, CHAK JOU

Enfimyè a ki deyò k ap gade syèl la lè l fin li Bib la pandan poz li.

Ou ka chape lè lafendimonn nan lè w priye Bondye pou l ede w epi fè volonte l

Pou nou rete anvi nou manje regilyèman. Men Jezi te di: “Se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Matye 4:4).

Jodi a, nou jwenn pawòl Bondye yo nan Bib la. Pandan w ap etidye liv sakre sa a, ou pral aprann sa Bondye te fè nan tan lontan, sa l ap fè kounye a ak sa li pral fè alavni.

PRIYE BONDYE POU L EDE W

Ki sa w ka fè si w vle obeyi Bondye, men li difisil pou w sispann fè kèk bagay Bondye di ki pa bon? Nan ka sa a, lè w byen konnen Bondye sa ka vrèman ede w.

Ann konsidere egzanp yon dam nou bay non Sakura, ki t ap mennen yon vi imoral. Lè l te kòmanse etidye Labib, li te aprann kòmandman Bondye bay pou nou “kouri pou imoralite seksyèl”. (1 Korentyen 6:18.) Sakura te priye pou Bondye ba l fòs e l te reyisi sispann move abitid sa a. Men li te dwe toujou goumen ak tantasyon l yo. Men sa l di: “Lè panse imoral vin nan lespri m, mwen vide kè m bay Jewova nan lapriyè, paske m konnen mwen pa ka mennen batay sa a poukont mwen. Pouvwa lapriyè te fè m vin pi pwòch Jewova.” Menm jan ak Sakura, plizyè milyon moun vin aprann konnen Bondye. Li ba yo fòs yo bezwen pou yo fè chanjman nan lavi yo e pou yo viv yon fason ki fè l plezi. — Filipyen 4:13.

Plis nou aprann konnen Bondye pi byen, se plis “Bondye [ap] vin konnen nou” kòm yon zanmi ki gen anpil valè pou li (Galat 4:9; Sòm 25:14). Konsa, w ap vin kalifye pou w antre nan monn nouvo Bondye a. Men, ak ki sa monn nouvo sa a pral sanble? Atik ki vin apre a pral pale sou sa.

a Jewova se non Bondye jan Bib la montre sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje