BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w21 oktòb p. 29-31
  • 1921 — Sa gen san ane

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1921 — Sa gen san ane
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YON SERI PWOKLAMATÈ KI PA T PÈ PRECHE
  • ETID PÈSONÈL AK ETID AN FANMI
  • YON NOUVO LIV!
  • TRAVAY KI T AP TANN NOU
  • Nou jwenn benediksyon lè n fè sa Jewova mande
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • 1922: Sa gen san ane
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Yon eritaj ki la depi sèt jenerasyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • 1923: Sa gen san ane
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
w21 oktòb p. 29-31

1921 Sa Gen San Ane

TOUDEGAD 1ye janvye 1921 te poze etidyan Labib yo kesyon ki vin annapre a: “Ki travay nou wè k ap tann nou ane sa a?” Apre sa, li te site Ezayi 61:1, 2 ki te fè yo sonje misyon yo te resevwa pou yo preche a. Men sa vèsè a di: “Jewova chwazi m pou m anonse moun ki gen imilite yo bon nouvèl la [...] pou m fè konnen ane Jewova ap fè moun favè a ak jou vanjans Bondye nou an.”

YON SERI PWOKLAMATÈ KI PA T PÈ PRECHE

Etidyan Labib yo t ap bezwen met kouraj sou yo pou yo patisipe nan travay predikasyon an. Nonsèlman yo t ap bezwen anonse moun ki gen imilite yo “bon nouvèl la”, men tou, yo t ap bezwen fè mechan yo konnen “jou vanjans Bondye nou an”.

Frè John Henry Hoskin, ki t ap viv nan peyi Kanada te preche avèk kran malgre l te jwenn opozisyon. Nan prentan ane 1921, li te rankontre yon predikatè metodis. Men ki jan frè Hoskin te kòmanse konvèsasyon an: “Nou ta dwe kontan pale sou Bib la. E menmsi nou pa ta antann nou sou kèk bagay, nou pa oblije fè kont.” Men, se pa t sa k te rive. Men sa frè Hoskin rakonte: “Nou te fè kèk minit sèlman ap pale lè [predikatè a] te frape pòt la byen fò, li te tèlman frape l fò, mwen te panse gwo vit ki nan pòt la t ap vide atè.”

Predikatè a te di byen fò: “Poukisa w pa al pale ak moun ki pa kretyen?” Frè Hoskin pa t di anyen, men pandan l t aprale li te di tèt li: ‘Sanble se ak youn nan yo mwen t ap pale la a!’

Nan demen, pandan predikatè a t ap fè yon prèch nan legliz li, li te kontinye atak la. Men sa frè Hoskin sonje: “Li te di fidèl li yo pou yo pran prekosyon avè m. Li te fè yo konnen mwen se pi gwo mantè ki vin nan vil sa a, e yo ta dwe tire m.” Frè Hoskin pa t kite sa dekouraje l, li te kontinye preche e li te jwenn bon rezilta. Men sa l te di: “Se pa ti kontan m te kontan preche nan zòn sa a! Gen kèk nan moun yo ki te menm di: ‘Mwen konnen w se yon sèvitè Bondye!’ E yo te mande m si yo te kapab ede m jwenn sa m bezwen.”

ETID PÈSONÈL AK ETID AN FANMI

Pou ede moun ki enterese yo konprann Bib la pi byen, Etidyan Labib yo te konn pibliye yon seri pwogram etid biblik nan peryodik ki te rele Epòk annò aa. Pwogram etid biblik pou timoun yo te gen yon seri kesyon pou paran yo egzamine ak pitit yo. Paran yo te dwe “poze pitit yo kesyon sa yo epi ede yo jwenn repons yo nan Bib la”. Te gen kèk kesyon, tankou “Ki kantite liv ki nan Bib la?”, ki te aprann yo kèk bagay tou senp. Te gen lòt kesyon, tankou “Èske tout vrè kretyen dwe atann y ap jwenn pèsekisyon?”, ki te prepare timoun yo pou yo preche san yo pa pè.

Pwogram Etid avanse ki nan liv Plan Bondye pou epòk yo te gen yon seri kesyon pou Etidyan Labib ki te gen plis konesans sou Bib la, e repons yo te nan premye volim Etid Ekriti yo. Plizyè milye lektè te byen pwofite pwogram sa yo, men, Epòk annò ki te parèt 21 desanm 1921 an te fè konnen toule de pwogram yo t ap kanpe. Poukisa chanjman bridsoukou sa a?

YON NOUVO LIV!

Liv Hap Bondye a.

Kat ki te montre ki pòsyon pou moun yo li.

Kat ki te gen kesyon yo.

Frè ki te alatèt yo te rann yo kont moun ki te fèk ap etidye Labib yo te bezwen aprann verite fondamantal yo yon fason ki pi òganize. Se sa k fè yo te pibliye liv Hap Bondye a nan mwa novanm 1921. Moun ki te enterese ki te aksepte liv la te tou enskri nan kou Etid biblik Hap la. Kou sa a, ki te pèmèt moun yo etidye poukont yo, te ede yo konprann “plan Bondye genyen pou l bay lèzòm lavi ki pap janm fini an”. Ki jan kou sa a te fèt?

Lè yon moun te aksepte yon liv, li te resevwa yon ti kat ki te fè l konnen ki pòsyon pou l li. Nan semèn ki te vin apre a, li te resevwa yon kat ki te gen yon seri kesyon ki te baze sou pòsyon li te gen pou l li a. Nan fen kat la, yo te fè l konnen ki pòsyon pou l li pou semèn apre a.

Pandan 12 semèn, etidyan an te resevwa yon kat chak semèn kongregasyon nan zòn kote l abite a te voye pou li pa lapòs. Byen souvan se moun nan kongregasyon an ki te granmoun anpil oswa ki pa t ka al preche kay an kay ki te konn voye kat sa yo bay moun yo. Pa egzanp, men sa Anna Gardner ki t ap viv Milvale, nan Pennsilvani, Ozetazini, te sonje: “Lè liv Hap Bondye a te parèt, sa te pèmèt Thayle, sè m nan ki te enfim, vin gen plis travay pou l fè. Li te konn voye kat ki te gen kesyon pou chak semèn yo bay moun yo.” Lè kou a te fini, yon moun nan kongregasyon an te konn vizite etidyan an pou ede l aprann plis bagay sou Bib la.

Thayle Gardner ki nan chèz woulant.

TRAVAY KI T AP TANN NOU

Nan fen ane a, frè Rutherford te voye yon lèt bay tout kongregasyon yo. Li te fè konnen “ane sa a nou te bay plis moun temwayaj sou Wayòm nan e nou te ede plis moun pase ane anvan yo”. Apre sa li ajoute: “Gen anpil travay ki pou fèt toujou. Ankouraje lòt moun pou yo vin patisipe nan bèl travay sa a.” Se sèten, Etidyan Labib yo te suiv konsèy sa a. Nan ane 1922, yo te met kouraj sou yo pou yo preche mesaj Wayòm nan plis pase nenpòt lòt lè.

Zanmi ki te aji avèk kouraj

Etidyan Labib yo te montre yo renmen frè ak sè yo nan fason yo te ede youn lòt. Se te zanmi yo te “ka konte sou [yo] lè gen malè” paske yo te aji ak kouraj, jan nou pral wè sa nan istwa ki vin apre a. — Pwo. 17:17.

Jou ki te madi 31 me 1921 an, yo te mete yon mesye nwa ki t ap viv nan vil Tilsa, nan Oklawoma, Ozetazini, nan prizon paske yo te akize l kòmkwa li te atake yon fi blan. Annapre, gen yon foul ki te gen plis pase 1 000 gason blan ki t al goumen ak yon ti gwoup mesye nwa. Batay la te gaye byen vit nan Grinwoud, nan yon katye kote pifò moun ki t ap viv la se te nwa. Yo te piye plis pase 1 400 kay ak biznis, e apre sa, yo te met dife ladan yo. Selon rapò otorite yo te bay, te gen 36 moun ki te mouri. Men, sanble te gen plizyè santèn moun ki te pèdi lavi yo lè sa a. Yo te vin rele evènman sa a Masak Tilsa a.

Frè Richard Hill, yon Etidyan Labib nwa ki te abite Grinwoud, te rakonte sa k te pase a. Men sa l te di: “Jou swa dezòd la te kòmanse a, nou te gen reyinyon nan kongregasyon nou, jan sa te abitye fèt. Apre reyinyon an, nou te tande y ap tire anba lavil. Yo te kontinye tire jis lè n t apral dòmi.” Men, jou ki te 1ye jen an, se te yon mèkredi maten, sitiyasyon an te vin pi mal. Frè Hill te di: “Gen moun ki te vin di nou nou ta dwe al nan oditoryòm vil la tousuit pou n ka jwenn pwoteksyon.” Donk, frè Hill ak madanm li ak senk timoun yo te genyen yo te kouri al nan oditoryòm nan. Te gen anviwon 3 000 nwa, gason kou fi, ki te anba pwoteksyon militè gouvènman an te voye vin met lòd.

Prèske nan menm moman an, frè Arthur Claus, yon blan, te pran yon desizyon ki te mande anpil kouraj. Men sa l te di: “Lè m te tande gen moun ki t ap piye epi boule kay nan Grinwoud, mwen te deside al wè ki jan frè Hill, bon zanmi m nan, ye.”

E. Arthur Claus k ap sèvi ak liv Hap Bondye a pou l ede 14 timoun aprann plis bagay sou Bib la.

Lè Arthur te rive lakay frè Hill, li te jwenn yon blan ki te kanpe ak yon fizi nan men l. Se te yon vwazen frè Hill ki te zanmi l tou. Li te pran Arthur pou youn nan moun ki t ap mache boule kay moun yo. Li te di byen fò: “Sa w ap fè nan lakou mesye a?”

Men sa Arthur rakonte: “Si m te ba l yon repons ki pa t konvenk li, li t ap tou tire m. Mwen te ba l asirans mwen se zanmi frè Hill, e m te fè l konnen mwen abitye vin lakay li.” Arthur ak vwazen an te pwoteje kay frè Hill, konsa, yo pa t piye l.

Yon ti tan annapre, Arthur te vin aprann frè Hill ak fanmi l nan oditoryòm vil la. Yo te fè Arthur konnen yo pap ka kite yon moun nwa sot nan oditoryòm nan si jeneral Barrett, anpalan de ofisye ki te responsab la, pa siyen yon otorizasyon pou sa. Men sa Arthur di: “Li te vrèman difisil pou m te rive wè jeneral la. Lè m te di l sa m te gen entansyon fè, li te mande m: ‘Èske w ap veye sou fanmi sa a, e èske w ap pran swen yo?’ Natirèlman, mwen te kontan di l wi.”

Arthur te kouri al nan oditoryòm nan ak otorizasyon jeneral la te ba li a. Lè l te remèt yon ofisye otorizasyon an, ofisye a te di l byen fò: “Kòman fè se jeneral la li menm ki siyen l! Èske w konnen ou se premye moun ki vin la a jodi a ki jwenn pèmisyon pou ale ak yon moun?” Sa pa t pran tan pou yo te jwenn frè Hill ak fanmi l. Yo tout te monte nan machin frè Arthur a pou y al lakay frè Hill.

“Pa gen yon moun nan pèp Bondye a ki te panse li pi enpòtan pase yon lòt.”

Frè Claus te asire l frè Hill ak fanmi l te an sekirite. Lè lòt moun te wè jan frè Claus te gen kouraj ak jan l te renmen frè l ak sè l yo, sa te gen gwo efè sou yo. Men sa Arthur te di: “Vwazen ki te ede m pwoteje kay frè Hill la te vin gen plis respè pou Temwen Jewova yo. Epitou, gen moun ki te vin enterese nan laverite paske yo te wè pa gen divizyon nan mitan nou akoz koulè po e pa gen yon moun nan pèp Bondye a ki te panse li pi enpòtan pase yon lòt.”

a Yo te vin rele Epòk annò a Konsolasyon nan ane 1937, epi Reveye n! nan ane 1946.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje