BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w22 oktòb p. 2-5
  • 1922: Sa gen san ane

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1922: Sa gen san ane
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “YON IDE KI TE VRÈMAN ESTRAWÒDINÈ”
  • NOU TE SÈVI AK RADYO POU N PRECHE PLIZYÈ MILYE MOUN
  • “ADV”
  • YON TRAVAY ENPÒTAN
  • 1919: Sa gen san ane
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • 1924: Sa gen san ane
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • 1921 — Sa gen san ane
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Moun k ap preche yo: Sèvitè Bondye yo ofri tèt yo volontèman
    Wayòm Bondye a ap dirije!
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
w22 oktòb p. 2-5
Estrad la nan kongrè ki te fèt an 1922 a. Pa anlè estrad la gen yon bandwòl ki ekri: “Pwoklame Wa a ak Wayòm li an.” Pa dèyè estrad la gen yon afich ki gen lèt “ADV” ekri sou li.

Foto yo agrandi ki montre estrad la ak bandwòl la ki te pa anlè l.

1922: Sa gen san ane

“BONDYE […] ban nou […] laviktwa pa mwayen […] Jezi Kris.” (1 Kor. 15:57, Labib wa Jak, anglè). Vèsè sa a, yo te chwazi kòm tèks pou ane 1922 a, te fè Etidyan Labib yo sonje Jewova t ap rekonpanse yo pou fidelite yo. Nan ane sa a, Jewova te rekonpanse pwoklamatè sa yo ki te chofe nan travay predikasyon an. Li te beni yo lè yo te kòmanse enprime epi relye pwòp liv pa yo e lè yo te kòmanse itilize radyo pou yo simaye verite konsènan Wayòm nan. Annapre, pi ta nan ane 1922 a, sa te parèt klè yon lòt fwa ankò Jewova t ap beni pèp li a. Etidyan Labib yo te rive fè yon kongrè ki te vrèman estrawòdinè nan Cedar Point, Owayo, Ozetazini. Kongrè sa a te gen gwo enpak sou travay òganizasyon Jewova a rive jis kounye a.

“YON IDE KI TE VRÈMAN ESTRAWÒDINÈ”

Tank frè ak sè yo t ap preche, se tank yo te vin bezwen plis piblikasyon. Frè yo nan Betèl Bwouklin nan te konn enprime peryodik yo. Men, yo te konn itilize lòt konpayi pou enprime liv ki gen po di yo. Te vin manke liv pandan kèk mwa e sa te kòmanse gen gwo efè sou travay predikasyon an. Donk, frè Rutherford te mande Robert Martin, frè ki te responsab enprimri a, si l panse sa t ap posib pou yo menm yo enprime liv yo.

Enprimri ki te nan ri Konkòd la nan Bwouklin, Nouyòk.

Men sa frè Martin te sonje: “Se te yon ide ki te vrèman estrawòdinè, paske sa te pèmèt nou vin gen yon enprimri pou fè liv.” Frè yo te lwe yon espas nan ri Konkòd, nimewo 18, nan Bwouklin, e yo te vin gen ekipman ki te nesesè yo.

Se pa tout moun ki te kontan dèske frè yo t apral enprime pwòp liv pa yo. Prezidan yon konpayi ki te konn enprime liv pou nou te vizite nouvo enprimri a. Men sa l te di: “Nou gen yon bon enprimri nan men nou, men, pa gen nou youn la a ki konn kòman pou n sèvi avè l. Nan sis mwa tout ekipman sa yo ap kraze.”

Men sa frè Martin te fè konnen: “Sa l te di a te fè sans, men, nou te konnen Seyè a t ap toujou avè n, e l pa t janm lage nou.” Frè Martin te gen rezon. Sa pa t pran tan pou nouvo enprimri a te kòmanse enprime 2 000 liv chak jou.

Teknisyen ki kanpe bò kot machin pou enprime yo nan enprimri a.

NOU TE SÈVI AK RADYO POU N PRECHE PLIZYÈ MILYE MOUN

Nonsèlman sèvitè Jewova yo te kòmanse enprime kèk nan liv yo te genyen yo, yo te kòmanse itilize yon lòt metòd pou yo simaye bon nouvèl la, anpalan de radyo. Nan dimanch aprèmidi, jou ki te 26 fevriye 1922 a, frè Rutherford te pale nan radyo pou premye fwa. Li te bay yon diskou ki gen tit “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri”, nan estasyon radyo KOG, nan Lòs Annjelès, Kalifòni, Ozetazini.

Te gen anviwon 25 000 moun ki te tande diskou a. Kèk nan yo te voye lèt pou yo di jan yo te renmen pwogram nan. Willard Ashford, ki te abite Sannta Ana, Kalifòni, se te youn nan moun ki te voye lèt tou. Li te felisite frè Rutherford e li te di diskou a te “ankourajan e l te enteresan”. Men sa l te di ankò: “Gen twa moun ki malad lakay la ki pa t ap ka deplase. Donk, nou pa t ap ka tande w si se pa t mwayen sa a ou te itilize, menmsi w ta bay diskou a toupre a.”

Nan semèn ki te vin annapre yo, nou te itilize radyo plis toujou. Distans pou fen ane a te rive, Toudegad te fè konnen te gen “pou pi piti 300 000 moun [ki te] resevwa mesaj la pa mwayen [radyo]”.

Piske Etidyan Labib yo te jwenn bon rezilta, yo te pran detèminasyon pou yo konstwi yon estasyon radyo sou yon teren nan Estetenn Aylenn, ki pa twò lwen Betèl Bwouklin. Nan ane ki te vin apre yo, Etidyan Labib yo te vin itilize estasyon radyo sa a, ki te rele WBBR, pou simaye mesaj Wayòm nan plis toujou.

“ADV”

Toudegad 15 jen 1922 te anonse yon gwo kongrè ki t apral fèt Cedar Point, Owayo, soti 5 rive 13 septanm 1922. Se pa ti kontan Etidyan Labib yo te kontan lè yo te rive Cedar Point.

Men sa frè Rutherford te di asistans lan nan premye diskou l te fè a: “Mwen gen konviksyon Seyè a ap […] beni kongrè sa a, e se premye fwa l ap fè yo bay yon temwayaj konsa sou tè a.” Oratè yo pa t sispann ankouraje frè ak sè yo pou yo preche.

Foul moun ki t ap asiste kongrè ki te fèt Cedar Point, Owayo, an 1922.

Jou ki te vandredi 8 septanm nan, te gen anviwon 8 000 moun ki te vin nan oditoryòm nan, e yo pa t ka tann pou yo tande yon diskou frè Rutherford t apral bay. Yo te espere frè Rutherford t ap esplike ki sa lèt “ADV” ki te sou fich envitasyon yo a vle di. Pandan yo t apral chita, se sèten te gen kèk nan yo ki te remake yon gwo bandwòl pa anlè estrad la. Arthur Claus, ki te soti Tilsa, nan Oklawoma, Ozetazini, pou l te vin nan kongrè a, te chita yon kote ki t ap pèmèt li byen tande. Se yon bagay ki te vrèman difisil, paske pa t gen sistèm son nan epòk sa a.

“Nou t ap koute chak pawòl avèk anpil atansyon.”

Prezidan kongrè a te fè konnen, pandan frè Rutherford t ap bay diskou l la, yo pa t ap kite okenn moun ki vin anreta antre nan oditoryòm nan pou yo pa t deranje moun yo pandan diskou a. Lè l te fè 9 è 30 nan maten, frè Rutherford te kòmanse diskou a ak pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 4:17 la ki di: “Wayòm syèl la toupre rive.” ​(Labib wa Jak, anglè). Pandan l t ap esplike ki jan moun yo t apral tande pale de Wayòm sa a, li te di: “Jezi li menm te deklare, pandan prezans li, li t ap rasanble pèp li a nan moman kote li t ap fè moun ki dwat e ki fidèl yo vin jwenn li.”

Men sa frè Claus, ki te chita nan sal prensipal la, te sonje: “Nou t ap koute chak pawòl avèk anpil atansyon.” Men, bridsoukou, frè Claus te vin santi l pa t anfòm e li te oblije kite oditoryòm nan. Li te reziyen l li soti, toutpandan l te konnen yo pa t ap kite l antre ankò.

Kèk minit annapre, li te kòmanse santi l pi byen. Li te di pandan li t ap tounen nan zòn oditoryòm nan li te tande yon gwo bravo. Sa te ankouraje l anpil. Li te deside pou l tande rès diskou estrawòdinè sa a menmsi l ta oblije monte sou do kay la pou l fè sa. Frè Claus, ki te yon jèn gason 23 an lè sa a, te jwenn yon mwayen pou l te monte sou do kay la. Espas kote pou klète antre nan oditoryòm nan te ouvri. Pandan frè Claus t ap pwoche pi pre espas sa yo, li te rann li kont li te gen posiblite “tande trè byen”.

Men, Arthur pa t poukont li. Gen kèk nan zanmi l yo ki te sou do kay la tou. Youn nan yo, Frank Johnson, te kouri al mande l: “Èske w gen yon kanif ki file?”

Arthur te reponn li: “Wi.”

Frank te di l: “Ou se repons priyè nou. Èske w wè gwo bandwòl sa a ki woule la a? Li se yon afich, li mare nan klou sa yo. Byen koute jij laa. Lè l di, ‘e nou dwe pwoklame, pwoklame’, koupe kat kòd sa yo.”

Donk, Arthur te kenbe kanif la nan men l, e li t ap tann siyal la ansanm ak frè yo. Yon ti tan apre, frè Rutherford te rive nan pati ki pi enpòtan nan diskou l la. Frè Rutherford te met tout kè l nan diskou a, diskou a te chofe, e li dwe te di byen fò: “Se pou n fidèl e se pou n montre nou se vrè temwen Seyè a. Se pou n kontinye nan batay la jiskaske Babilòn fin detwi nèt. Bay mesaj la tout kote. Lemonnantye dwe konnen se Jewova ki Bondye e se Jezi Kris ki Wa tout wa e ki Seyè tout seyè. Se moman ki pi enpòtan nan listwa. Tande sa, Wa a ap dirije! Se nou menm ki pou fè kanpay pou li. Se sa k fè nou dwe pwoklame, pwoklame, pwoklame Wa a ak Wayòm li an!”

Arthur te fè konnen li menm ak lòt frè yo te koupe kòd yo, e bandwòl la te dewoule byen swa. Men sa ki te ekri sou bandwòl la: “Pwoklame Wa a ak Wayòm li an.” Lèt “ADV” ki te ekri sou fich envitasyon an se mo “advertise” la ann anglè yo ekri ann abreje, ki vle di “pwoklame” oswa “bay temwayaj”.

YON TRAVAY ENPÒTAN

Kongrè ki te fèt Cedar Point lan te ede frè yo konsantre sou predikasyon Wayòm nan, yon travay ki enpòtan, e moun ki te vle te kontan patisipe ladan l. Men sa yon kòlpòtè (kounye a yo rele yo pyonye) ki te soti Oklawoma, Ozetazini, te ekri: “Nou te konn preche nan yon zòn kote anpil moun t ap travay nan min chabon e yo te pòv anpil.” Li te di, lè moun yo te tande mesaj ki nan peryodik Epòk annò a, byen souvan “yo te [konn] tonbe kriye”. Yon fason senp, li te di: “Se yon benediksyon pou n konsole yo.”

Etidyan Labib sa yo te konnen jan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Lik 10:2 yo enpòtan anpil. Men sa l di: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè.” Tank ane a t ap rive nan bout li, se tank yo te pran detèminasyon pou yo te pwoklame mesaj Wayòm nan toupatou.

a Pafwa, yo te rele frè Rutherford “jij” paske gende lè li te konn sèvi kòm jij espesyal nan Misouri, Ozetazini.

Yon mesaj yo te bay toupatou sou tè a

Jou ki te 26 fevriye 1922 a, Etidyan Labib yo te bay yon “temwayaj toupatou sou tè a”. Etidyan Labib toupatou sou tè a te òganize yon seri reyinyon espesyal pou moun ki te enterese yo te ka koute diskou ki gen tit “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri”.

Yo te tradui diskou sa a nan 33 lang pou pi piti, e Toudegad te fè konnen yo te itilize prèske tout frè ki te kapab bay yon diskou piblik pou bay diskou sa a. Nan peyi Grann Bretay, Etidyan Labib yo te òganize 306 reyinyon, e te gen 67 010 moun ki te asiste. Nan peyi Bèljik, Lafrans ak Laswis, te gen plis pase 15 000 moun ki pale fransè ki te asiste reyinyon sa yo. Lè Etidyan Labib yo te wè bon rezilta yo te jwenn, yo te pran dispozisyon pou yo bay “temwayaj toupatou sou tè a”, plizyè jou nan menm ane a, 25 jen, 29 oktòb ak 10 desanm.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje