FASON POU NOU KASE CHENN LAHÈN NAN
2 | Pa Chèche Tire Revanj
Sa Bib la anseye:
“Pa rann pèsonn mal pou mal. [...] Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun. Pa vanje tèt nou, [...] paske men sa ki ekri: “‘Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.’ Se sa Jewova di.” — WOMEN 12:17-19.
Sa sa vle di:
Se vre li natirèl pou nou santi nou fache lè lòt moun fè nou sa ki mal, men Bondye pa dakò pou nou tire revanj. Olye de sa, li ankouraje nou tann li, paske talè konsa li pral korije tout move bagay. — Sòm 37:7, 10.
Sa w ka fè:
Lè moun ki enpafè tire revanj, sa fè gen plis lahèn. Se sa k fè, si yon moun ofanse w oswa li fè w yon bagay ki mal, pa rann mal pou mal. Eseye reyaji yon fason ki pezib epi metrize w. Nan kèk ka, li ka pi bon pou w jis bay vag (Pwovèb 19:11). Konsa tou, si gen kèk avantaj klè, ou ka chwazi jere pwoblèm nan. Pa egzanp, nan ka kote se ou ki viktim yon krim, ou ka chwazi pote plent lan bay lapolis oswa bay lòt otorite yo.
Chenn lahèn nan ap fè nou fè tèt nou ditò
E si pa sanble gen yon fason pezib pou rezoud pwoblèm nan? Oswa e si w te deja fè tout sa w kapab pou w rezoud pwoblèm nan nan lapè? Pa tire revanj. Sa ap fè sitiyasyon an vin pi mal. Olye de sa, kase chenn lahèn nan pito. Ou ka aprann gen konfyans nan fason Bondye ap rezoud pwoblèm nan. “Met konfyans ou nan li e li menm l ap ede w.” — Sòm 37:3-5.