BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp22 no 1 p. 10-11
  • 3 | Retire lahèn nan lespri w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 3 | Retire lahèn nan lespri w
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Bib la anseye:
  • Sa sa vle di:
  • Sa w ka fè:
  • Etyèn “te plen ak favè Bondye ak pisans”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Yo lapide Etyèn
    Liv istwa biblik mwen an
  • Fason pou nou kase chenn lahèn nan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Nou ka pote laviktwa sou lahèn!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
wp22 no 1 p. 10-11
Yon mesye k ap imajine li menm k ap bay yon mesye ki nan yon lòt ras lanmen. Lonbraj yo montre yo menm k ap pwoteste e k ap joure youn lòt ak pankat nan men yo.

FASON POU NOU KASE CHENN LAHÈN NAN

3 | Retire Lahèn Nan Lespri w

Sa Bib la anseye:

“Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” — WOMEN 12:2.

Sa sa vle di:

Fason nou panse gen enpòtans pou Bondye (Jeremi 17:10). Se vre nou ta dwe evite di oswa fè kèlkeswa bagay ki gen lahèn ladan l, men nou dwe ale pi lwen. Chenn lahèn nan kòmanse nan lespri ak nan kè. Se poutèt sa, nou dwe derasinen kèlkeswa ti tras lahèn nan lespri nou ak nan santiman nou yo. Se sèl fason sa a n ap ka “transfòme tèt nou” epi kase chenn lahèn nan.

Sa w ka fè:

Byen reflechi sou fason w panse ak fason w santi w anrapò ak lòt moun yon fason ki onèt, sitou sila yo ki soti nan lòt ras oswa lòt nasyonalite. Mande tèt ou: ‘Ki jan m wè yo? Èske pwennvi m nan baze sou sa mwen menm mwen konnen sou yo? Oswa èske l chita sou prejije?’ Evite rezo sosyal, fim oswa detant k ap fè pwomosyon pou rayisman ak vyolans.

Pawòl Bondye a ka ede w fè fas ak lahèn ki nan kè w ak nan lespri w

Li pa toujou fasil pou n evalye pwòp panse nou ak santiman nou yo san paspouki. Men, Pawòl Bondye a ka ede nou “rive wè panse ak entansyon ki nan kè yon moun”. (Ebre 4:12.) Kidonk, kontinye egzamine Bib la. Konpare sa l anseye yo avèk fason w panse, epi fè tout sa w kapab pou panse w yo ann amoni ak sa Bib la anseye. Pawòl Bondye a ka ede nou venk lahèn ki “byen anrasinen” nan lespri nou ak nan kè nou. — 2 Korentyen 10:4, 5.

Eksperyans ki te rive toutbon — STEPHEN

Li te chanje fason l panse

Stephen.

Stephen ak fanmi l te viktim lahèn anba men moun ki blan. Kòm konsekans, yon gwoup politik ki t ap fè mouvman pou defann dwa moun te enfliyanse l. Pafwa, li menm tou, li te patisipe nan krim lahèn te pouse l fè. Men sa Stephen di: “Yon lè, zanmi m yo avè m t al gade yon fim sou mizè esklav afriken yo te pase Ozetazini. Nou tèlman te fache poutèt enjistis sa yo, nou te atake ti blan ki te nan sinema a menm kote a. Apre sa, nou t al nan katye blan yo pou n al chèche plis moun pou nou bat.”

Pwennvi Stephen te vin chanje nèt lè l te kòmanse etidye Bib la avèk Temwen Jewova yo. Men sa l sonje: “Piske m te abitye ak anpil moun ki gen prejije kont ras, gen kèk bagay mwen te wè Temwen yo fè ki te fè m sezi. Pa egzanp, lè yon Temwen blan te gen pou l vwayaje aletranje, li te kite pitit li yo nan men yon fanmi nwa pou yo pran swen yo. Mete sou sa, gen yon fanmi blan ki te pran yon jèn ki nwa vin viv lakay yo paske li te bezwen yon kote pou l rete.” Stephen te vin gen konviksyon Temwen Jewova yo gen relasyon fratènèl ki gen lanmou Jezi te predi ki t ap egziste pami vrè kretyen yo. — Jan 13:35.

Ki sa k te ede Stephen abandone aksyon lahèn te pouse l fè yo? Pawòl ki nan Women 12:2 a te ede l. Li di: “mwen te vin rann mwen kont mwen bezwen chanje fason m panse. Mwen te dwe bay lespri m yon lòt direksyon dekwa pou m pa sèlman aji yon fason pasifik men tou pou m konsidere sa kòm pi bon fason pou m viv.” Kounye a, sa fè plis pase 40 an depi Stephen ap viv ak kè kontan san l pa gen santiman lahèn.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou istwa Stephen nan, ale nan Toudegad 1ye jiyè 2015, paj 10-11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje