Byen ak mal: Labib — Yon gid nou ka fè konfyans
Nou pa ka fin sèten desizyon nou pran nan domèn moral yo ap bay bon rezilta si nou baze yo sèlman sou santiman nou oswa santiman lòt moun. Bib la ban nou rezon ki fè sa, e li fè plis pase sa. Bib la gen prensip moral nou ka fè konfyans, prensip k ap fè nou viv yon fason ki bay kè kontan ak satisfaksyon.
NOU BEZWEN DIREKSYON NAN MEN BONDYE
Nan Bib la, Jewovaa Dye fè konnen li te kreye lèzòm pou yo chèche direksyon nan men l, men l pa t kreye yo pou yo gide oswa dirije tèt yo (Jeremi 10:23). Se sa k fè li bay prensip moral nou jwenn nan Bib la. Li renmen lèzòm e li pa vle yo pran move desizyon k ap fè yo soufri e k ap rann lavi yo difisil (Detewonòm 5:29; 1 Jan 4:8). Mete sou sa, antanke Kreyatè nou, Jewova gen sajès ak konesans ki nesesè pou l ban nou pi bon prensip moral pou nou suiv (Sòm 100:3; 104:24). Epoutan, Bondye pa janm fòse moun suiv prensip li yo.
Jewova te bay Adan ak Èv, premye gason ak premye fi a, tout sa yo te bezwen pou yo gen vrè kè kontan an (Jenèz 1:28, 29; 2:8, 15). Epitou, li te ba yo kèk enstriksyon byen senp li te atann pou yo suiv. Sepandan, li te kite yo lib pou yo chwazi si y ap obeyi enstriksyon sa yo oswa si yo pap obeyi yo (Jenèz 2:9, 16, 17). Malerezman, Adan ak Èv te deside fè sa yo vle olye yo suiv prensip Bondye yo (Jenèz 3:6). Ki rezilta sa te bay? Èske sa pi bon pou lèzòm lefètke se yo ki deside sa ki byen ak sa ki mal? Non. Listwa montre lè moun pa bay prensip Bondye yo regle anyen pou yo, sa fè yo pa jwenn lapè ak kè kontan k ap dire a. — Eklezyas 8:9.
Bib la bay konsèy nou bezwen yon fason pou n ka pran bon desizyon kèlkeswa ras nou oswa kote nou soti. (2 Timote 3:16, 17; gade kare “Yon liv pou tout moun”.) Ann egzamine fason Bib la fè sa.
Aprann plis konsènan rezon ki fè yo kapab rele Bib la “pawòl Bondye” a. — 1 Tesalonisyen 2:13. Gade videyo Pawòl kiyès ki nan Bib la? ki sou jw.org.
FASON BIB LA FÈ N KONNEN SA BONDYE VLE NOU FÈ
Bib la se yon liv ki chaje ak istwa ki montre fason Jewova boule ak lèzòm. Pawòl ki ladan l yo ede nou konprann sa ki byen ak sa ki mal nan je Bondye, sa ki bon pou nou ak sa k ap fè nou soufri (Sòm 19:7, 11). Nou aprann yon seri prensip moral ki pa janm pase mòd ki ede nou pran bon desizyon chak jou nan lavi nou.
Pa egzanp, ann egzamine konsèy ki nan Pwovèb 13:20: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” Prensip sa a toujou valab nan epòk pa nou an menm jan sa te ye nan epòk yo te ekri l la. Bib la chaje ak yon pakèt lòt prensip menm jan an ki itil nou. — Gade kare “Sajès Bib la pa janm pase mòd”.
Men, ou ka ap mande tèt ou: ‘Ki jan m ka sèten prensip moral ki nan Bib la toujou valab jodi a?’ N ap jwenn kèk eksperyans ki te pase toutbon nan atik ki annapre a.