BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 avril p. 31
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Sou menm sijè a
  • Annou imite fidelite Itayi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Moutre m jan pou m fè sa ou vle”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Toujou konte sou lespri Bondye nan tout chanjman ki fèt nan lavi w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Nan tan biblik yo, Jewova te bay sèvitè l yo “ delivrans ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 avril p. 31

Èske w te konnen?

Poukisa te gen moun ki pa t Izrayelit ki te nan lame wa David la?

PAMI moun lòt nasyon ki te nan lame David la te gen kèk mesye tankou Zelèk, desandan Amon, Ouri, desandan Èt, ak Itma, moun Mowaba (1 Kwo. 11:​39, 41, 46). Nan lame David la te gen “Keretit yo, Peletit yo ak moun Gat yo” tou (2 Sam. 15:18). Moun Gat yo se te moun peyi Filisti, e sanble Keretit yo ak Peletit yo te pwòch ak moun Filisti yo. — Eze. 25:16; Joz. 13:​2, 3; 1 Sam. 6:​17, 18.

Poukisa David te kapab aksepte moun lòt peyi nan lame l la? Li te gen asirans yo te fidèl avè l, e sa k pi enpòtan an yo te fidèl ak Jewova. Pa egzanp, men sa yon liv di anrapò ak Keretit yo ak Peletit yo: “Yo te rete fidèl ak David nan moman kote bagay yo te pi difisil pandan David te wa a.” (The New Interpreter’s Dictionary of the Bible). Ki jan yo te montre sa? Lè “tout mesye ann Izrayèl yo” te sispann suiv wa David pou yo t al suiv “yon nonm ki te konn bay anpil pwoblèm yo te rele Cheba”, Keretit yo ak Peletit yo te ret fidèl ak David e yo te ede l kraze rebelyon Cheba t ap fè a (2 Sam. 20:​1, 2, 7). Nan yon lòt okazyon, Adonija, pitit wa David, te eseye vin wa nan plas Salomon. Men, Keretit yo ak Peletit yo te rete fidèl ak David, e yo te ede pou yo te met Salomon, moun Jewova te chwazi a, wa nan plas David. — 1 Wa 1:​24-27, 38, 39.

Yon lòt moun ki pa t Izrayelit ki te vrèman rete fidèl ak David se te Itayi, moun Gat la. Itayi ak 600 sòlda ki te avè l yo te soutni wa David lè Absalon, pitit David, te fè rebèl e l te fè mesye Izrayèl yo vire kont wa a. Okòmansman David te fè Itayi konnen li pa t oblije batay pou li paske li pa t yon Izrayelit. Men, Itayi te di l: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ni devan l ni devan ou menm monwa, mèt mwen, kèlkeswa kote w ye se la m ap ye tou, monwa, mèt mwen, e m dispoze mouri avè w!” — 2 Sam. 15:​6, 18-21.

Itayi ak wa David k ap pale youn ak lòt ak kè kontan.

Itayi te fidèl ak David, wa Jewova te chwazi a.

Menm lè Keretit yo ak Peletit yo ak moun Gat yo pa t Izrayelit, yo te rekonèt se Jewova ki vrè Dye a e se David Jewova te chwazi. Se pa ti rekonesans David dwe te genyen lefètke l te gen mesye fidèl sa yo bò kote l!

a Lwa Bondye te bay ki nan Detewonòm 23:​3-6 la te fè konnen desandan Amon yo ak moun Mowab yo pa t gen dwa antre nan rasanbleman ki t ap fèt pou adore Jewova ann Izrayèl. Men, sanble lwa sa a te montre moun sa yo pa t kapab vin sitwayen ki gen tout dwa yon Izrayelit genyen, men, yo te kapab abite oswa viv pami pèp Bondye a. Gade Étude perspicace des Écritures, volim 1, paj 100.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje